By Archbishop Thomas Wenski - The Archdiocese of Miami
Homily by Archbishop Thomas Wenski at Mass at Notre Dame d'Haiti Parish for the last day of Jericho. Oct. 25, 2025.
Ak Bondye w ap toujou devan, ou pap janm deye,Jan premye moso labib la te di a, nan liv Sirasid: Granmèt pap vire do, men l ap rann moun kòrèk yo jistis, l ap fè jijman. Konsa, ak Bondye w ap toujou devan, ou pap janm deyè.
Nan dezyèm moso labib la, Pòl ap di Timote: jou li yo konte. Li di, “Mwen se yon ofrann ki fin vide, tan an rive pou m kite vi sa a Mwen batay bon baay la, mwen fini kous mwan, mwen kenbe lafwa a. Sa k rete m, se resevwa kouròn jistis la.”
Sen Pòl mèt di: Ak Bondye w ap toujou devan, ou pap janm deye.
Men, fò nou gen pasyans menm jan ak Sen Pòl paske jistis Bondye mache sou kabwèt bèf.
Konsa, pandan tout yon semenn se lapriyè nou t ap lapriyè – pou n kraze miray Jeriko yo, pou n fè priyè n monte jis nan syèl la pou gras la desann sou nou tout.
Men, antansyon, jan Sirasid di nou: Se priyè moun ki rabese tèt li a k ap penetre nyaj yo. Pa fwa, lè n ap lapriyè, nou konn gen enpresyon se yon chèk n al tire labank sou manman lajan an nou te depoze nan biwo Bondye a. Se komsi sa nou mande l la, li dwe nou li. Se tou jis si nou pa mande l li avèk awogans.
Men, gade yon pawabòl, gade yon istwa 2 moun: Youn se te yon farisyen; lot la se te yon pibliken, yon pèseptè kontribisyon an. Youn tounen lakay an règ ak Bondye; lòt la jis tounen lakay li. Sa k pase la?
Farisyen yo an jeneral pa te move moun: Sen Pòl te yon fariysen, nèg ki te mete kadav Jezi nan kavo a apre li te fin mouri sou kwa a sete yon farisyen. Fè jèn, bay ladim se bon bagay. Men, pibliken yo se te moun jwif yo te rayi paske yo te trèt, yo te konn volè, elatriye.
Nan pawabòl Jezi a, Farizyen an mèt tou sa l konnen deyò pou l fè Bondye wè li gen dwa mande sa l mande a, epi Bonde dwe ba li l. Fè jèn, bay ladim te sipoze chita sou renmen yo renmen Bondye ak renmen pwochen an. Fè jen, bay ladim, enpòtan, epi li nesesè; men, pa pou n vante tèt nou, men pou ede nou avanse nan renmen sa a nou dwe genyen ni pou Bondye ni pou pwochen yo.
Farisyen nan pawabòl la pa menm ap pale ak Bondye, sa li di se nan kè l li di. Sa vle di, l ap pale ak tèt li ase. Lapriyè konsa pap monte kot Bondye, li pap travèse nyaj yo, dapre sa liv Sirasid la di a.
Gen moun lè y ap lapriyè, se non sèlman tou sa yo fè ki bon y ap di, men yo pwofite tou pou yo avili lòt yo antan y ap fè konparezon avèk pròp tèt pa yo. Tout defo yo nan boutèy nwa, defo lòt moun yo menm nan boutèy blan. Moun konsa yo bliye, jan pwovèb la di, “Avan yo te pikliz, yo te chou nan mache kwabosal.”
(Gen defwa lè m tap konfese moun m te oblije di penitan an: se pou w konfese peche pa w yo, pa peche mari, pa peche pitit yo.)
Finisman levanjil jodi a, raple nou Magnifikat Manman Maria: tout moun k ap leve tèt yo, y ap rabese l, moun ki rabese tèt li, y a leve l alè. Li jete sa k gen pouvwa yo sot sou fòtèy yo, li leve sa ki pòv yo anlè.
Bondye pran plezi pou l koute lapriyè manman Mari, paske li fè kò tou pitit pou lapriyè, li se pòv Sèvant Granmèt la.
Youn nan pi bèl sòm nan labib la, Sòm 131, di konsa: Granmèt, kè m pa gonfle, lespri m pa awogran, mwen pa pran chemen grandè, ni mèvèy k ap depase m,
Granmèt mwen, kè mwen byen dosil,
Mwen tou senp kon yon ti bebe;
ki poze sou bra manman l.
Granmèt mwen, kè mwen pa gonfle;
pretansyon pa fè m leve zye m;
mwen pa pran chèmen grandè;
ni mèvèy k ap depase m.
Okontrè lespri mwen poze;
Mwen tou senp kon yon ti bebe;
byen trankil sou bra manman l;
Se konsa mwen poze kè m.
Se konsa, nou dwe lapriyè. Epi, se konsa pòv pibliken an te lapriyè; li pa menm leve je l anlè, li bloti ti kò l atè a, pou l rekonèt se pòv pechè li ye, se sou kont Bondye li ye, pou l mande l pran pitye pou li, pòv pechè.
Li ta bon pou n ekzaminen konsyans nou detanzatan. Eske nou sanble ak farisyen an ki kanpe nan kay sakre komsi se te li menm sèl mèt; alèz kou Blèz sou chèz pinèz? Eske nou sonje lè nou antre nan yon legliz kote ki gen Sent Sakreman, se sou ajenou pou nou rabese tèt nou nan lapriyè nou, paske pèsonaj ki prezan la a, nou pa merite pou nou defèt lasèt sandal li.
Pibliken an te fè kò l tou piti pou l lapriyè tantan li rekonèt li se pechè, li pa gen okenn dwa nan sa l ap mande a.
Bondye pa janm dakò ak okenn peche. Men, kè l sansib, li toujou pare pou padonnen tout pechè yo sòf moun ki ògeye yo. Se pa komsi Bondye pa kapab oswa li pa vle padonnen l, men moun ki ògeye a pap mande Bondye padon.
Gade byen, pou n al konfese nan Sakreman Penitans la,, nou gen pou nou fè kò nou tou piit , pou nou benefisye rekonsilyayson ki reyalize nan Jezi Kri, sa apot yo sèvi pòt pawòl pou li a,
Epi, lè n ap konfese a, nou pa dwe fè tankou fariszyen an k ap rakonte tou sa l fè ki bon, epi an menm k ap akize lòt yo.
Nou dwe fè tankou pibiliken an, rekonèt nou se pechè tout bon vre devan Bondye. Lè yon pòv mande lacharite li lonje l men l, li pa arogan, komsi li merite sa l ap mande a,
Se konsa, pou nou prezante devan Granmèt la pou l koute lapriyè nou tankou yon ti pòvFè kò n tou piti, se sa k nesesè nan koze rekonsilasyon an sa kit se n ap pale n ap pale sou kesyon kase tèt tounen vin byen ak Bondye, ki n ap pale sou koze rekonsilyasyon nasyonal ki sitèlman nesesè pou peyi d’Ayiti. Fè kò n piti devan frè ak sè yo, pou nou youn gade lòt tankou yon moun Bondye kreye pòtre avè l.
Jodi a, nou pa kapab bliye frè n ak sè n yo an Ayiti kote deyè mòn gen mòn. Genyen Melisa ki lage yon dal lapli nan Sid peyi a; epi ensekirite a pa kite moun Pòtoprens yo rale yon souf. Denyeman, yo kidnape yon prèt, kire pawas Sent Klè nan Delma. Kanta pou ensekirite a, nou pa bliye frè ak sè n bò isi a k ap viv nan kè sote, ak kè sere akòz sitiyasyon imigrasyon yo.
Tankou m te di, fò n gen pasyans. Jistis Bondye mache sou kabwèt bèf. Men, tankou nou tande nan liv Sirasid la: Priyè moun ki rabese tèt li a ap penetre nyaj yo, toutotan li poko rive, moun nan pa konsole, ni li pa sispann joustan Sa a ki anwo nèt la voye je l sou li. Granmèt la pap vire do, men l ap rann moun kòrèk yo jistis, l ap fè jijman.
Nan pawabòl farizyen ak pibliken an: Youn tounen lakay an règ ak Bondye; lòt la jis tounen lakay li.
Frè ak sè m yo, apre yon semenn Jeriko, an n tounen lakay nou an règ ak Bondye.
Ak Bondye w ap toujou devan, ou pap janm deye,