Article Published

Article_wenski-miami-homily-new-year-2020-haiti-independence

Homilies | Wednesday, January 01, 2020

Se nou ki ekriven yo, se nou ki pwotagonis yo nan 2020

Archbishop Wenski's homily at New Year's Day Mass with Haitian community

Archbishop Thomas Wenski is pictured here with Haitian priests while celebrating New Year's Day midnight Mass at Notre Dame d'Haiti Church in Miami, Jan. 1, 2020.

Photographer: Via Instagram @thomaswenski

Archbishop Thomas Wenski is pictured here with Haitian priests while celebrating New Year's Day midnight Mass at Notre Dame d'Haiti Church in Miami, Jan. 1, 2020.

Archbishop Thomas Wenski preached this homily during a midnight Mass to welcome the New Year at Notre Dame d’Haiti Church in Miami, Jan. 1, 2020. On Jan. 1, the Church celebrates the solemnity of Mary, Mother of God. Jan. 1 is also the anniversary of Haitian Independence in 1804. At Notre Dame d’Haiti, the evening of Dec. 31 begins with a prayer vigil at 10 p.m., followed by the midnight Mass. Afterward, participants eat the traditional “soup jouromou” — pumpkin soup — in honor of Haitian Independence Day.

Mezanmi, yon ane tou nèf parèt sou nou! Grasadye, nou vivan toujou – jan pwovèb la, pito nou lèd, nou la. Epi, konsa, Bondye fè nou ka di Ane 2019 la: “ale vouzan”. N ap vire paj la; n ap koumanse yon nouvo chapit. Men, sonje: se nou ki ekriven yo, se nou ki pwotagonis yo.

Fete yon nouvo ane se yon moman pou nou chak ka rebat kat la, pou nou mande Bondye ban nou fòs pou n rekòmanse, pou n renouvle lespri nou, pou n angaje lavi nou nan pi bon dirèksyon, epi pou nou ouvri kè nou pou nou kapab viv pi byen youn ak lòt san lògèy, san ipokrizi.

Wi, yon nouvo ane ban nou tout posibilite pou n rekòmanse. Chak premye janvye ban n chans pou n tounen sou chemen an nan respè youn pou lòt, pou tout moun ka jwenn jistis, pou nou respekte byen ki pou nou tout la. Se sa bèl tradisyon Ayisyen kenbe nenpòt ki kote yo ye vle di, nou bwè soup jouromou joudlan pou n fè yon jès solidarite ak tout moun.

Konsa, jodi a, nou vle vlope ane 2020 ki fèk koumanse ak lapriyè. Fò priyè monte pou gras la desann: sou fanmi nou yo, sou peyi sa kote n ap viv la, ak sou peyi d’Ayiti Toma kote kòd lonbrit nou tère.

Epi, jodia, premye janvye 2020 fè 216 zan depi zansèt nou yo te pwoklame Lendepandans peyi d’Ayiti. Frè m ak sè m yo, se yon jou nou dwe fete ak anpil fyete – malgre tout.

Premye janvye 1804 se yon dat enpòtan anpil, se yon dat konsekan non sèlman nan iswtwa pèsonèl nou menm ki ayisyen natif natal oubyen pitit ayisyen yo, men se yon dat konsekan nan istwa tout imanite. Se te premye fwa, e yon grenn fwa tou, yon kominote esklav kase chenn madichon epi kontinye goumen sou chann batay jouk yo kwape zotobre blan franse yo pou yo fonde yon nasyon tou nèf, yon nasyon lib, endepandan, ki dwe chita sou egalite, libète ak fratènite.

Epi, fò n pa bliye kijan Zanzèt nou yo te pote anpil èd bay yon bann peyi nan Amerika la. Epi, fò n pa bliye si se pa poutèt Napoleyon te pèdi lagè kont esklav ayisyen yo li pa ta janm blije vann Lwisann bay blan meriken yo.

Men, jou pase; jou ale…Ane file. 2 syèk chavire. Ayiti pèdi fil. Ayiti pèdi van. Ayiti pèdi plim. Ayiti pèdi kap li. Ayiti pèdi chemen limyè. Ayiti pèdi anpil dekowòm. Anpil pwojè devlopman gate, anpil rèv neye nan toubouyon.

Ayiti pase preske tout ane 2019, an “lok”. Apre yon ane konsa, nou pa konn kote nou ye, ni ki bò nou prale.

Gen 216 lane depi zansèt yo di yo se chèmèt chèmetrès peyi d’Ayiti. Men, eske gen yon sans nou ka di, malèrèzman, nan denyè 216 ane sa yo, peyi a pat janm te “delok”?

Endepandans pa jistis, endepandans pa demokrasi, endepandans pa devlopman. Endepandans te sipoze yon pòt ki louvri pou tout pèp ayisyen antre vin chita pou travay ansanm pou konstrwi nasyon an. Endepandans te sipoze yon chemen kote tout pitit Sòyèt ak frè Jis yo te ka mache ansanm pou yo rive nan peyi yo te reve pou yo menm ak pitit yo..

Men, depi 216 zan pòt la rete lok, chemen toujou bloke – paske yo pa janm te louvri pou tout moun. Lògèy, jalouzi fè nèg pa vle mache kòtakòt ak lòt. Peyi a vin tounen byen pèsonèl kèk grenn zotobre – yo fè sa yo pito avè l san yo pa janm rive konstwi yon nasyon.

Rèv demokrasi a plonje nan twou, pèsonn moun pa ka jwenn jistis, pèsonn moun pa ka revandike dwa l pou viv lib, pi fo moun pa ka manje, pi fo moun pa ka ale lopital, pi fo moun pa gen wout pou silkile, timoun pa ka ale lekòl…

Demokrasi a pwatchòkò. Sèl moun k ap taye banda, k ap feraye, se grenn senk, ravajè, ak patripòch yo ki tounen pongongon nan deng pèp la, se kòrispsyon ki fin dechèpiye pèp la, ensekrite k ap krabinen l, ratibwaze epi touye l. Yo pile epi yo bafwe diyite pèp la, yo fè yo santi yo pa vo anyen.

Pawòl Bondye te bay pèp Izrayèl la, nan chemen pou li te kapab konstwi yon nasyon, te chita sou de (2) vèsè: nou jwenn yo nan Liv Levitik 19, 17. 33. Premye vèsè a di : “ou p ap rayi frè ou, ou p ap vanje ni ou p ap kenbe rankin kont li. Ou gen pou renmen l menm jan ou renmen pwòp tèt ou”. Nan dezyèm nan li di : “lè ou gen etranje ki desann lakay ou, ou p ap oprime l, ou ap pran swen l tankou moun ki fèt lakay ou, ou ap renmen l menm jan ak pwop tèt ou; pa bliye se etranje ou te ye tou an Ejip”.

Mesaj nou jwenn nan tèks sa yo a, envite nou pou nou kapab fè solidarite ak tout moun : sila yo ki gen menm san ak nou, sila yo ki nan menm fanmiy ak nou, nan menm pati politik, ki mache nan menm legliz, nan menm kan ak nou yo. Men nou kapab fè solidarite tou ak sila yo ki etranje, sila yo ki pa soti nan menm ras ak nou, ki pa nan menm pati politik ak nou, ki pa nan menm relijyon ak nou, ki pa nan menm klas sosyal ak nou.

Vèsè labib say o se yon bon remèd biblik pou nou kapab geri maladi divizyon k ap depafini ak peyi nou. Nan ane 2020, fòk nou yonn renmen lòt menmsi nou diferan, se pou nou yonn respekte lòt menmsi nou pa panse menm jan.

Mezanmi, menmsi nou pa an Ayiti, li enpòtan pou n fete anivesè endepandans peyi d’Ayiti, li enpòtan pou pitit nou yo konn kilti nou, pou yo pale lang nou. Menm jan rasinn nesesè pou yon pye bwa, rasinn yo nesesè nan lavi yon moun. Koupe rasinn yon pye bwa, li tonbe, li mouri; menmjan parèyman, yon moun san rasinn pa resistan. Gade delikans ki genyen nan kèk gwoup jen ki tonbe nan fè gang. M ta di, pi fò nan yo pa konn rasinn yo. Menm jan po a vlope kò a epi li pwoteje l pou mikrob yo pa enfekte l, se konsa kilti a fèt pou vlope yon pep, pou pwoteje l. 

Si po a malad, si po blese, mikròb ap anvayi kò pou fè dega. Frè m ak sè m yo, nan komansman ane a, fò n rekonnèt po a ki sipoze vlope kilti pèp la ak egalite, fratènite, libète blese; Wi, kriz politik la blese l, epi mikròb ambisyon pèsonel, mikròb kòripsyon an ap fè dega; Wi, kriz ekonomik la blese l, mikròb chomaj ak lavi chè ap kontinye fè dega –epi, divizyon sosyal la toujou yon gwo blesi – malgre gen lontan depi yo rekonèt lang kreyòl la kom lang ofisyèl peyi a, lang franse a ap toujou kòkòbe developman peyi a.

Nan 2020, nou mande Bondye yon bonjan sewòm kap geri tout maling sa yo, pou kilti ayisyen an, yon kilti ki rich, yon kilti etranje yo konn apresye kapab vin ansante. Konsa, timoun yo pa leve ak gwo konpleks, pou yo pa janm wont di se Ayisyen yo ye.

N ap mande Manman Mari – li menm ki toujou ban n sekou - pou l fè nou sispann defann enterè nou tankou chyen kap defann yon zo tou sèch ki nan bouch li. Nou dwe kwape adorasyon lajan ak byen materyèla k a trennen limanite nan tenèb pou nou kite limyè lavi a, sa ki te parèt Bètleyèm, gide n. Lotrèman, nou pa janm ap kole tet nou ni kole zepòl nou ansanm pou nou ta konstwi peyi a, pou nou ta kreye yon sosyete nòmal kote tout sitwayen ta santi y ap viv tout bon. Wi, tèt ansanm, solidarite, zepòl kole, rekonsiliasyon – men, kle a ka delok peyi a.

Bon Ane, Apye nou ye.

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply