Article Published

Article_st-mary-cathedral-students-pray-rosary-with-archbishop-wenski_S

Feature News | Tuesday, October 18, 2022

Elèv Katedral St. Mary yo lapriye chaple ak Achevèk la, Monsenyè Wenski

Pandan mwa Oktòb, mwa wozè a

English Spanish

MIAMI | Pou Archidyosèz Miyami, Oktòb la se yon mwa enpòtan:  se mwa “Respè pou Lavi a”, se mwa lè nou fete Manman Mari, Notredam Wozè a, se anivèsè Dyosèz la ki te fonde 8 Oktòb 1958.

Pou make okazyon sa yo, Achevèk la, Monsenyè Thomas Wenski te deside priye chaple a ak timoun lekòl achidyosèz yo - nan twa lang – epi yo kreye videyo chak gwoup elèv k ap lapriyè yo.

Nan dat 26 septanm 2022, li te lapriye Kouròn Flè nan lang  kreyòl ayisyen ak elèv twazyèm ane nan St. Mary Cathedral School nan Miyami.

Yon jou apre, ekip ki soti nan MariaVision te anrejistre l ap lapriye Kouròn Pikan nan lang panyòl ak elèv ki soti nan divès klas nan St. Michael the Archangel School nan Miyami.

Nan fen mwa sa a — Siklòn Ian te entèwonp taping yo —men, 17 Oktòb la li ​​li te lapriye Kouròn Pikan an Angle ak elèv ki soti nan Nativity School nan Hollywood. 

Biwo Kominikasyon Achidyosèz la pral afiche youn nan videyo sa yo lendi k ap vini an oktòb la. Men dezyèm lan, an kreyòl.

Ann al jwenn yo nan lapriyè.



Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply