Article Published

Article_pou-ayiti-cheri-nou-an-ka-souri-bel

Homilies | Monday, January 01, 2018

Pou Ayiti chèri nou an ka souri bèl

Archbishop Wenski's homily Jan. 1, 2018, Haitian independence day

Archbishop Thomas Wenski preached this homily during midnight Mass, the first Mass of the New Year, Jan. 1, 2018 at Notre Dame d’Haiti Church in Miami. Jan. 1 is Haiti’s independence day. 

Frè m ak sè m yo, bon ane! Premye janvye a se yon pakèt fet: se kòmansman yon nouvo ane, se fèt Mari Manman Bondye, se yon jou Pap la mete apa pou n lapriyè pou gen lapè sou tè a; epi, pou nou menm Ayisyen, se 214-èm anivèsè endepandans peyi a. Maten an se yon fèt nou vle vlope ak lapriyè; epi, pita, lakay nou, se fèt la ap kontinye lè n a reyini ansanm ak fanmiy nou pou nou bwè soup jouromou a. Bwè soup la se yon bèl jès ki gen plizyè sans – an premye, li raple diyite nou ak libète nou. Nou bwè l ak rekonesans tou sa zanzèt yo te fè pou nou; epi bwè soup la ansanm ak fanmiy nou fèt pou angaje nou pou youn padonen lòt, pou nou ka koumanse ane nan byen viv youn ak lòt nan tèt ansanm ak nan renmen. Konsa, bwè soup se yon jès solidarite. N ap chita ansanm sou menm tab la pou nou fòme yon chenn solidarite, paske se nan inite nou jwenn fòs.

Maten an n ap lapriyè pou fanmiy nou yo, n ap lapriyè pou peyi kote n ap viv la, epi n ape lapriyè pou peyi kote kòd lobrit nou tère a, peyi d’Ayiti Toma.. Onè respè pou tout zanzèt yo ki ban nou menm Ayisyen yon idantite. Yo fè yon bann esklav tounen yon nasyon. Mezanmi, yo reyalize sa lòt moun yo te konprann pat posib. Yo fè yon lame esklav tòke kòn li ak lame Lafrans – youn nan pi gwo pwisans nan epòk la. Epi, li reyisi fè lame franse a mete bèk atè. Napoleon te blije bay legen: nèg nwe yo di: koze libète, egalite ak fratènite pa pou blan yo selman. Tout moun se moun, tout moun gen dwa viv ak diyite ak respè. Si jodi a, nou wè m la devan nou ap preche sou endepandans peyi d’Ayiti, fò nou sonje san mwen se san polone. Solda polone yo – lè yo rive Sendomeng ak lame Leklèk – yo wè nèg nwè yo tap goumen pou libète yo menm yo ak yo menm an Ewòp; ki fè yo kite franse yo pou yo goumen bò kote ayisyen yo kont franse yo. Apre lagè, Desalin bay yo tè menm jan li te fè pou solda ayisyen yo. Konsa, mwen met blan; men, m pa yon blan franse.

Se vre, koze libète, egalite ak fratènite se pat pou blan franse selman li ye. Men, li pa yon kado zansèt ban nou: se yon rekonsabilite yo konfye ban nou pou nou konsekan ak frè ak sè n yo. Zanzet yo mouri pou nou lib. Men, ki sa libete ye? Libete se pa libetinaj – komsi nou pi lib le n ap fe sa n pito. Se chak moun k ap fe l sa l pito ki fe peyi a plonje nan mize kote li ye a. Jan pwovèb la di, chak koukouy klere pou je li.

Jezi di nou yon mo nan tou sa: li pale sou libete pitit Bondye yo, sou libete Lespri Sen an ban nou. Pou Jezi libete pa vle di, fe sa ou pito, men fe sa w dwe fe. Epi, vreman vre, nou eklav le n konnen sa n dwe fè epi nou pa fe l akòz endifèrans nou, oubyen akòz laperèz. Se sa yo rele eklavaj peche a, paske le n esklav peche se vis ki mare pye nou, se move mès k ap minote men nou ak kod eyogis – le sa a nou pa lib tout bon vre – nou pa lib pou nou renmen, pou nou bati, pou youn ede lot. Tout moun se moun: Nan je Bondye tout moun enpòtan, tout moun konte. Sa vle di, fò n mare libète ak solidarite –lè sa n ap aprann sa fratènite a vle di. Solidarite se yon pakèt koze: Viv an solidarite vle di nou angaje nan menm lit zanzèt nou yo te mennem.

Mare libète nou ak solidarite a pou nou viv an frè ak sè, se sa yo rele fratènite. Fratènite se pa pran moun kom zanmi, kom kamarad poutèt yon avantaj yo ka ba w. Jezi se Pitit Bondye a ki tounen moun – sa vle di, li vin solidè ak nou. Epi, se poutèt sa li di nou: tou sa nou fè pou sila a ki pi piti nan pami frè m yo ou fè pou mwen. Aprann fè kè ou sansib pou sa k pòv yo, sa ki samble yo pa gen enpòtans. Tankou nou konn chante: paradi mwen, se nan men nou li ye, frè m yo, si m ap soufri se paske ou bliye m. Nou pa ka bliye frè ak sè nou yo k ap soufri Dominikani, ni sila yo ki tonbe nan prizon imigrasyon nan travèse frontyè Mekzik pou antre Ozetazini. Nou pa bliye frè ak sè yo ki riske pèdi TPS yo oubyen DAKA.

Tankou frè ak sè, fò n sansib pou sila yo kap soufri. Nan soulaje soufrans frè n ak sè n yo, nan travay pou jistis, n a kreye plis egalite nan mitan nou.

Egalite pa bezwen di tout moun menm. Men tout moun pa menm, epi konsa nou jalou – gen moun ki pi wo, ki pi kout; gen moun ki pi entelijan, gen lot ki pi sot, gen moun ki pi rich, lot ki pi pov. Yo pa menm, men yo egal ego. Fanm ak gason pa menm (epi nou konn di “viv ladiferans”, pa vle); yo pa menm, men yo egal ego.

Egalite pa vle di, tout moun menm; li pa vle di fòk tout moun panse menm jan. Menm jan ko a gen plizye pati – yo difèran men li pa divize pou sa. Difèrans nou jwenn nan sosyete a dwe anrichi nou, pa divize nou. Se peche ki divize nou. Kit nou moun andeyo, ki nou moun lavil, kit nou legal, kit nou san papye, nan je Bondye nou tout enpòtan. Fòk nou rekonet nou chak nou egal ego. Tout moun se moun, tout moun gen diyite chak moun dwe respekte, depi li tou piti tankou yon tet zeping nan vant manman l jiska le l jou l yo fini sou late li mouri yon lanmo natirel. 

Epi, menmsi pitit nou yo fèt isit, menmsi yo pote paspò meriken, yo toujou gen san Desalin nan venn yo, yo Ayisyen. Epi, sa pap anpeche yo vin ameriken; okontrè plis yon moun fyè rasinn li, plis li renmen kilti li, se plis lap rann kom sitwayen peyi kote lap viv. Idantite ayisyen an pa dwe yon andikap, se yon avantaj li dwe ye.

Konsa, menmsi nou pa an Ayiti, li enpòtan pou n fete anivesè endepandans peyi d’Ayiti, li enpòtan pou pitit nou yo konn kilti nou, pou yo pale lang nou. Menm jan rasinn nesesè pou yon pye bwa, rasinn yo nesesè nan lavi yon moun. Koupe rasinn yon pye bwa, li tonbe, li mouri; menmjan parèyman, yon moun san rasinn pa resistan. Gade delikans ki genyen nan kèk gwoup jen ki tonbe nan fè gang. M ta di, pi fò nan yo pa konn rasinn yo. Menm jan po a vlope kò a epi li pwoteje l pou mikrob yo pa enfekte l, se konsa kilti a fèt pou vlope yon pep, pou pwoteje l. 

Si po a malad, si po blese, mikròb ap anvayi kò pou fè dega. Gade sa k rive Pè Simoly. Sa yo te fè l grav. Men, li se youn nan plis pase 300 moun ki mouri anba bal an Pòtoprens ane ki fèk pase a.

Frè m ak sè m yo, nan komansman ane a, fò n rekonnèt po a ki sipoze vlope kilti pèp la ak egalite, fratènite, libète blese; Wi, mikròb ambisyon pèsonel, mikròb kòripsyon an ap fè dega; Wi, kriz ekonomik la blese l, mikròb chomaj ak lavi chè ap kontinye toujou fè dega – epi, pa menm pa pale de tranbleman tè a ak siklon yo. Divizyon sosyal la toujou yon gwo blesi – malgre gen lontan depi yo rekonèt lang kreyòl la kom lang ofisyèl peyi a, lang franse a ap toujou kòkòbe developman peyi a.

Nan 2018, nou mande Bondye yon bonjan sewòm kap geri tout maling sa yo, pou kilti ayisyen an, yon kilti ki rich, yon kilti etranje yo konn apresye kapab vin ansante. Konsa, timoun yo pa leve ak gwo konpleks, pou yo pa janm wont di se Ayisyen yo ye.

Jou ale, jou vini, 214 an pase; epi, malgre tout, nou la. Peyi a poko fin anfòm. Men, nou la. Jan pwovèb di, pito nou lèd, nou la. Konsa, malgre tout, a pye nou ye. “Happy New Year”. Fò nou fè priyè nou monte, pou gras la desann sou Ayiti. N ap mande Manman Mari – li menm ki toujou ban n sekou - pou l fè nou sispann defann enterè pèsènèl nou tankou yon vye chyen kap defann yon zo tou sèch ki nan bouch li. Se pou aprann viv an solidarite– se sa jès bwe soup la ansanm pita vle di n.

Ah, Ayiti chèri, nou renmen l – menmsi li samble ak yon vye fanm mazora bouch fòbop –An n angaje tèt nou nan menm lit zanzèt yo pou n bati yon Ayiti tou nèf. Pou Ayiti chèri nou an ka souri bèl - an n bay li 3 dan tou nèf - dan yo rele “libète, fratènite ak egalite”.

Le sa a, nou mèt di, apye nou ye, (Happy New Year) tout bon vre.

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply