Article Published

Article_miami-wenski-homily-notre-dame-haiti-jericho

Homilies | Saturday, October 27, 2018

Ki sa ou vle fe m pou w?

Archbishop Wenski's homily at closing night of Jericho at Notre Dame d'Haiti

Archbishop Thomas Wenski preached this homily Oct. 26, 2018, on the closing night of Jericho, a seven-day spiritual experience hosted at Notre Dame d’Haiti Church in Miami.

Jezi ap soti Jeriko – ansanm ak patizan l yo ak yon pakèt foul. Gade jan moso levanjil byen tonbe pou nou menm Jodi a. Apre yon semenn, tankou Jezi, n ap bay Jeriko do nou.

Men yon fwa ankò, nou tande Jezi poze yon kesyon: Ki sa ou vle pou m fè? Nan moso levanjil pou jodi a, li poze l bay Bartime, pitit Time a. Semenn pase a, Jezi te mande Jak ak Jan menm kesyon an apre yo te vin kote l pou yo di: Mèt, tanpri, fè nou yon favè. Sa yo tap mande l se pou li ta mete youn a dwat li, lòt agòch li, le l antre nan peyi rwa li.

Jak ak Jan tap mande Jezi pou li bay yon gwo plas, pou li bay yo gwo onè. Tandiske, Bartime pa mande l ni lajan, ni gwo plas. Li mande senpleman, Mèt, fè m wè . Nan rele li rele Jezi “pitit David la”, Bartime montre li gen tan rekonèt Jezi kom Mesi a. Epi, yon fwa li wè, li pa ezite, li pran mache deyè l sou Wout la. (Epi, kote wout la ale? Si nou li chapit kap swiv, wout la ap mennen Jezi Jerizalèm, kote se yon kwa k ap tann li.

Jak ak Jan – ansanm ak lòt patizan l yo – te swiv Jezi – yo mache Jerizalem ak tou sa k ap tann yo la. Men, pami tout moun ki tap swiv Jezi se Bartime sèl ki tap swiv Jezi ak 2 je li byen ouvri. Menmsi li te avèg, li te gen tan wè pi klè mòd otorite Jezi te genyen kom rwa. Li te konnen otorite se yon sèvis.

Ki sa ou vle fe m pou w? Kesyon Jezi poze la enpòtan anpil – li mande chita, li mande reflechi pou nou pa swiv Jezi pou yon move rezon.

Sonje byen. Apre Jezi te bay 5 mil moun manje vant plen. Foul a swiv li; men Jezi vire epi li reproche foul la. Li pa repwoche yo paske yo tap swiv li; men, paske yo tap swiv li pou yon move rezon. Yo vle fè l tounen yon rwa pou yo ka manje vant plen chak jou.

Konsa, menm jounen jodi a, gen moun k ap chèche Jezi – men, pou move rezon. M sonje yon fwa, mwen kwè se isi a menm, lè m tap sèvi isit nan Notredam, yon dam vin kote m pou m mande lapriyè sou tèt li – paske tèt li tap fè mal. Li di m, mande Lespri Sen an pou l geri tèt fè mal mwen. Mwen di l, “Gade machè, si tèt w fè mal, pito o upran 2 Tilenol. Jezi pa voye Lespri Sen sou nou pou l wete tèt fè mal nou yo. Li ban n Lespri Sen pou fè nou tounen temwen l. Epi, anpil fwa, depi ou sèvi Jezi temwen w a jwenn tèt fè mal.

Apre Jezi te fè gwo mirak sa a pou bay 5 mil moun manje vant plen, foul yo tap swiv li pou yo manje gratis.

Pou Jak ak Jan – omwen nan kòmansman an, se te pou Jezi bay yo gwo plas, gwo onè ak pouvwa.

Ki sa n ap chache nou menm nan men Jezi? Eske nou mande tankou pitit Time a te fè – pou nou wè klè. Pou ka wè ak limyè lafwa sa Bondye ap mande n? Oubyen, eske n ap lapriyè sèlman pou nou genyen nan loto a?

Anpil moun konprann kwè nan Bondye, swiv Jezi se yon kalite “grate do m, epi m ap grate do pa w.” Se menm sa nou wè nan kèk sèvis relijyè nou konn gade nan televizyon kote nou tande pastè yo preche yon kalite teyoloji “dòmi pòv, levi rich.” Yo fè n konprann, si m rich se paske Bondye renmen m; si m pòv se paske Bondye rayi m. Epi, an menm tan, y ap di w, “Voye yon ti lajan ban mwen, epi, Bondye li menm l ap fè 10 fwa pi plis. Wi, w a dòmi pi pòv, epi, pastè a ap leve pi rich.

Sa se yon pyèj, epi alafwa se yon gwo tantasyon – fè lafwa tounen yon kalite kòmès, kote nou dakò pou n swiv Jezi toutotan li ban n sa n ap mande l pou ban nou.

Yon lafwa konsa se yon lafwa ki bati sou sab. Lè tanpèt vini, lè lapli tonbe, lè van ap vante, lafwa sa ap detwi.

Jezi pa pwomèt nou richès, li pa garantize nou yon lavi fasil. Sa Jezi pwomèt se lakwa – epi apre, lavi ki pap janm fini an.

Frè ak sè m yo, nou kwè nan yon Jezi yo kirifisye a. Nou pa ka wete lakwa sot nan Levanjil la. Te yon epòk nan anpil legliz, Krifisifi a pat alamòd. Genyen kote kote yo retire yo. Pa fwa, ou ka antre nan yon legliz epi ou pa ka menm wè yon kwa. Petet ou wè yon imaj Jezi ki byen leve a. Epi, sa pa nesesèman mal, nannan lafwa nou chita sou viktwa Jezi rapòte sou fòs peche ak lanmò lè l leve byen vivan Dimanch Pak la. Men, wout leve

n ap leve byen vivan ak Kris la pase pa chemen lakwa, sa vle di, chemen sakrifis, chemen cheche viv pou lòt yo epi sispann viv pou tèt nou nan egoyis ak lògèy.

Gade, lavi a pa fasil, mezanmi. Nou sonje chan an?

Redi, redi, lavi a pa fasil, zanmi, pa pè, pa pè, granfrè ou la.
Pran pasyans, zanmi, pa dekouraje;
pran kouraj paske moun k ap kouri bouke;
tande frè, moun k ap mache rive kanmenm;
frè mize, men pote bon komisyon.

Si lafwa nou se yon kesyon “Bondye, ou grate do m, epi m ap grate do pa w”, kou w jwenn yon kontraryete nan lavi a, w a tonbe nan kriz. Mezanmi, pandan n ap mache sou tè a, vle pa vle n a kwaze ak lakwa: li mèt yon maladi ki frape n, oubyen yon travay nou pèdi oubyen yon manm nan fanmiy nou k a ban n traka.

Konsa, lè Jezi mande n: Sa ou vle fè m pou w? Pa mande yon lavi fasil tankou foul la te fè apre yo te manje vant plen; pa manke gwo pouvwa ak otorite tankou Jan ak Jak te fè. Pito nou reponn tankou Bartime: Granmèt, fè m wè.

Gade, pòv avèg sa yo te rele Pitit Time a, ka yon bon modèl pou nou chak, tande. Li montre m konpòtman yon vre patizan Jezi, yon disip tout bon vre.

Epi, gade, jan li pa menm vin dekouraje malgre gen moun nan foul la ki te mande l pe bouch li.

Si te gen moun ki vle femen pòt lafwa a nan figi l, li menm li mete pye ladan l pou li ouvri pòt la.

Li ka sèvi yon egzamp pou moun sa yo ki di, yo pa mache Legliz ankò poutèt yon pè, oubyen yon fidèl, te manke yo dega. Bartime ka patron moun sila yo – pou yo konprann sa enpòtan se pa sila yo ki pa konprann yo di, sa k enpòtan se Jezi ki konnen sa k nan nannan kè ou anvan ou menm ou louvri bouch ou.

Menm jan, Bartime ka sèvi yon bon jan akourajman pou sila yo ki twò timid pou yo al konfese peche yo.

Kè l tou senp, li pa ezite mande pou Jezi gen pitye pou li. Epi, si w se kalite moun sa ki konprann fèt ou mache legliz Bondye dwe w, gade kijan kè Bartime kontan nèt ak limyè lafwa a.

Wi, Jezi geri l. Bartime vin wè. Men, ak sa, li pa tounen nan woutin li. Li pa rete bò wout la ap mande.

Li lage denye sa l genyen pou mache deyè Jezi. Pou nou menm, ki lant pou lage abitid peche n yo, gade eganmp Bartime menm lè l te toujou avèg li te gen pi bon lide sou mòd otorite Jezi te genyen kom rwa. Li konprann otorite a se yon sèvis. Epi, lè l Jezi rann li sèvis pou l wè, li aksepte tounen disip Jezi Kri ak 2 je l byen ouvri.

Jezi vini pou sove nou – epi li fè sa nan soufri li tap soufri a, nan mouri li tap mouri ak nan leve li leve a. Sa mande n bò kote pa nou, yon lafwa ki gran anpil, yon lafwa ki gran tankou lafwa Bartime a.

Sa mande pou nou vin fè tèt kado bay sila Bondye voye nan lachè a pou sove nou. Fò nou ofri tèt nou bay Jezi pa pou sa nou kwè li ka fè pou nou, men pou sa li ye a nan li menm.

Sa ou vle pou m fè pou w? Se sa Jezi ap mande nou chak. Nou ka reponn, nou vle gran. Eske n ap mande l pou nou vin rich, pou nou gen gwo pouvwa? Si nou vle vin gran, pito suiv tras Bartime pase pou nou.

Nou mèt pa gwo nèg, men n ap gran, si n konprann menmsi li bon pou yo gade nou tankou yon moun enpòtan, li pi enpòtan pou yo gade nou kom yon moun ki bon. N a gran lè n mande Granmèt la fè wè klè, fè n wè sa li vle pou nou fè; epi, nou pa rèt chita kote nou te ye a, men nou leve al pran menm wout la ak Jezi, wout sa a k ap pase nan chemen lakwa a nan laglwa leve byen vivan ak Kris la.

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply