Article Published

Article_archdiocese-of-miami-wenski-homily-notre-dame-d-haiti-jericho-2020

archdiocese-of-miami-wenski-homily-notre-dame-d-haiti-jericho-2020

Homilies | Sunday, October 25, 2020

Si w bezwen konnen sa vre renmen an ye, gade Jezi!

Archbishop Wenski's homily at closing Mass of Jericho at Notre Dame d'Haiti

 Archbishop Thomas Wenski preached this homily Oct. 24, 2020, at the closing Mass for Jericho, a seven-day revival held Oct. 18-24, 2020, at Notre Dame d'Haiti Church in Miami. 

Sispann konte pwoblèm, pito konte benediksyon w. Se konsa, n a fè miray Jeriko yo tonbe; se konsa n a louvri chemen an pou yon lavi pi bèl. Konte pwoblèm lage n nan tou; konte benediksyon fè n leve kanpe. Konte pwoblèm fè lavi a tounen amè, konte benediksyon bay lavi gou siwo myèl.

Epi, kiles ki pi gwo benediksyon an? Benediksyon ki fè n kè poze, benediskyon ki fè kè konta. Se konnen nou konnen Bondye renmen nou. Epi, Pawòl Bondye a – sa nou tande nan lamès jodi a – fè n konprann Bondye vle pou nou renmen – se pou nou renmen l ak tout kè nou, ak tout fòs nou, ak tout lespri nou; epi, pou nou youn renmen lot. Paske, jan Labib la di nou, Bondye se renmen. Epi, renmen mande renmen.

Si konnen nou konnen Bondye renmen n, se yon gwo benediksyon; nou beni ankò paske li mete nan kè nou chak kapasite pou nou renmen.

Mwen ta di, si nou ta mande yon moun pran Labib la epi fè yon ti rezime pou nou tou sa Labib la, li ta kapab reponn nou ak yon sèl ti mo tou senp: renmen.

Se sa Jezi te fè lè l te di nou nan moso levanjil nou fek tande a: tou sa ki ekri nan lalwa ak pwofèt yo nou jwenn li nan 2 kòmanman: Renmen Bondye epi Renmen pwochen ou. Epi nan sa Jezi di nou jodi a nan moso levanjil la li vle nou konprann chemen renmen an se li menm, lavi renmen an se li menm, laverite renmen an se li menm.

Gen Ogisten ki sen – yon evèk ki te viv an Afrik di Nò 4 syèk apre Jezi; yo di li te konn di fidèl li yo. “Depi nou renmen, nou mèt fè sa n pito.” Men, atansyon! Li menm li te konprann si yon moun renmen tout bon re, l a toujou pito sa k korèk, sa k jis, sa k nan avantaj lòt yo. Men, se la kote nou gen pwoblèm.

Epi, nou si tèlman abbitye tande Labib la pale de renmen, pawòl sa a kab fad nan bouch nou. Paske, nou twò kontan fè sa n pito; men nou pa renmen. Oubyen nou bay tèt nou manti paske nou di nou renmen; men, nou pa konn sa renmen an ye. Gen yon chan konsa: “anpil moun vle renmen, men yo pa konn sa sa ye renmen”.

Gade byen: si m ta pran 5 jenn flanè la a epi m ta voye yo al nan lari pou fè yon ankèt: pou yo chak mande 5 lòt moun sa renmen ye, ak konbyen repons y a tounen? 25 wi! Chak moun ap di yo sa renmen an ye dapre ti lide pa yo.

Epi, m konnen msye sa a gen tan mouri lontan, men sipoze youn nan yo ta kwaze ak nèg yo te rele “Koupe kloure” pou l mande l sa renmen an ye? Ki kalite repons li ta pral bay?  

Mezanmi, gen renmen ak renmen. Yon kalite renmen fè fini ap konte pwoblèm; lòt la ba ou benediksyon sou benediskyon. M ta di li tankou lèt ak dlo manyòk. Eske yo sanble? Men wi, yo sanble. Men, eske yo menm. Pa dito. Lèt se yon nouriti; ou bwè l pou w gen lasante, pou w gen yon bèl souri. Bwè lèt se yon benediksyon. Men, dlo manyòk bay pwoblèm: sa k rive w si w bwè dlo manyòk. Se mouri ou pral mouri – paske se yon pwazon.

Se sa k fè sou late beni gen anpil moun k ap soufri, pwoblèm ap toufe yo – paske, pase pou yo jwenn lèt pou ta rafrechi yo, se dlo manyòt ase yo jwenn nan lavi yo. Pase pou yon bon chemen, yo jwenn desepsyon; pase pou yo jwenn lavi, se lanmò yo jwenn; pase pou yo jwenn laverite ki pou klere yo, se manti, se blòf yo jwenn.

Gade kouman gen anpil msye ki mètdam. Eske nou dakò ak sa m di la a? Fò dakò paske nou wè yo chak jou: y ap pale bèl pawòl dous nan zòrèy fi yo. “Cheri kòkòt mwen ... mwen fèb pou w, wi”  Bon, si gen myse ki mètdam, gen fi ki sòt wi. Paske tande yo tande bèl pawòl sa yo, yo konprann msye yo ap ofri yo yon vè lèt byen fre; men, apre yo vale l, yo wè se dlo manyòk yo bwè. (Epi pa two lontan apre, y ap rele anmwe, anmwe paske vant yo fè mal.)

Wi, gen renmen ak renmen. Gade moun ki di yo renmen peyi yo. 18 Me rive yo vlope kò yo ak drapo blè e wouj, yo bay bèl diskou: yo renmen lapatri.  Men wi, yo renmen l: tankou pis renmen chen an. Li renmen l pou l souse l, li pa renmen l pou avantaj chen an men pou ti entere pa l. Ki mele pis ak grangou chen.

Mwa’d Me rive, epi se fete n ap fete fèt manman nou. Epi jou sa, nèg yo pral voye monte nan radyo bèl dedikas pou manman yo. Y a resite bèl poesi. Ou tande yon moun konsa, ou di: gade jan li sansib pou manman yo. Manti! Manman li ap mouri grangou anba yon vye ti tonèl nan peyi d’Ayiti.

Si w bezwen konnen sa vre renmen an ye, gade Jezi! Li montre nou sa pa sèlman ak bèl pawòl li te konn preche men ak sa k te fè. Yo di: wi pa monte mòn. Men, ‘wi’ Jezi a pat yon pawòl mete la. “Wi”Jezi a monte mòn, li monte mòn Kalvè.

Si nou bezwen konnen sa renmen an ye tout bon vre, gade Jezi sou lakwa. La nou aprann renmen se pa yon santiman ase, se yon angajman. Kote pa gen angajman tout bon vre, pa gen renmen tout bon vre.

(Epi, mwamazèl yo, fè atansyon: si jenn gason yo ap vini kote nou ak bèl pawòl, nou ka konnen si se lèt y ap ofri nou oubyen se dlo manyòk nan angajman yo pran. Mezi angajman yo se mezi renmen yo. Epi se sa k fè yon bag nan dwèt si tèlman enpòtan nan zafè gason ak fi yo.)

Nan nou gade Jezi sou lakwa, nou wè: renmen egal angaje tèt ou; renmen egal bliye tèt ou, renmen egal chache sa k bon pou lòt yo anvan ou chache sa k bon pou w. Epi, Jezi aprann nou tou renmen egal padonnen.

Lè yon moun renmen yon lòt, li vle anbrase sila li renmen an. Nan kwa li a, Jezi louvri bra li byen laj – pou anbrase nou tout san eksèpsyon.

Wi, pa konte pwoblèm, konte pito benediksyon! Men, pou tou miray Jeriko yo tonbe, fò nou – bo kote pa nou – pa tounen yon pwoblèm pou lòt yo; pou miray rayisab, miray enjistis, miray,divizyon fin tonbe nèt, fò n aprann tounen yon benediksyon pou lòt yo. Mwen beni, ou beni, nou tout nou beni poutèt Bondye renmen nou.  Jezi renmen n, li bay tèt li pou nou. Ala beni nou beni gras a lanmò li ak leve li leve byen vivan. Men, si nou beni konsa, fò nou chache tounen yon benediksyon pou frè ak sè n yo nan renmen nou renmen yo tankou Jezi renmen n, tankou Jezi renmen yo.

Jezi fè n konprann tout egzijans ki gen nan renmen. Wi, renmen tankou Jezi renmen egzijan. Men, fò nou pa konprann swiv Jezi se yon fado kif è lavi a tounen yon problèm. Okontrè swiv Jezu se yon kado ki bay lavi a gou sywo myèl. Pinga nou chita kalewès kache deyè pwovèb sa a ki di: rann sèvis bay chagren. Lè n rann sèvis nou aprann touen yon benediksyon pou lòt yo; lè n aprann mete tèt nou ansanm, nou tounen yon benediksyon pou lòt yo.

Renmen tankou Jezi renmen ka pa fasil. Men, sa pa vle di, se yon problèm pou sa. Menmsi nou jwenn difikite, n a beni grasa Lespri Sen Jezi ban nou. Wi, Jezi ban n Lespri a pou sa fè n kapab simaye renmen li kote n ap pase. Epi, Jezi nan lanmès la ban n Pwòp Kò l pou n manje. Manje l nou manje l, nou beni – epi n a jwenn fòs pou nou renmen menm jan avè l.

Pwoblèm yo mèt anpil; men, men, nou beni grasa Papa Bondye ki kreye n pou viv avè l pou tout tan gen; nou beni grasa Pitit li ki sove n pou nou pa viv pou tèt nou ankò; nou beni grasa Lespri Sen, Lespri renmen ak bon konprann ki fè n viv nan tèt ansanm.

Wi, pwoblèm nou yo mèt anpil. Men, si n pèdi tan ap konte yo, n a bliye se beni nou beni anpil pou jan Bondye renmen n anpil, anpil.

Wi, frè m ak sè m yo, jete bòl dlo manyòk la atè; epi bwè vè lèt la.

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply