Article Published

Article_archdiocese-of-miami-lafwa-nou-nan-jezi-ki-leve-a-ban-n-kouraj-epi-li-soutni-espwa-nou

Homilies | Friday, April 05, 2024

Lafwa nou nan Jezi ki leve a, ban n kouraj epi li soutni espwa nou

Archbishop Wenski’s homily at funeral Mass for Father Osnel Alexis, a priest of the Diocese of Jeremie, Haiti

Archbishop Thomas Wenski preached this homily at the funeral Mass for Father Osnel Alexis, a Haitian priest who died in Boston while being treated for heart and kidney problems. Because of the violent situation in Haiti, Bishop Joseph G. Decoste, of Jeremie, Haiti, asked Archbishop Wenski to bury Father Alexis in the Archdiocese of Miami. The funeral Mass was celebrated, April 4, 2024, at Our Lady Queen Heaven Parish in North Lauderdale, followed by a burial at Our Lady Queen of Heaven Cemetery.

Nan lamès sa a, se antère nou vin antère yon prèt Jezi Kri, Pè Oznel Aleksi.  Se te yon pè dyosèz Jeremi a; epi, poutèt sitiyasyon peyi a, se isi a n ap chante antèman li.  Pa gen mwayen pou n voye kadav li bay fanmiy li an Ayiti.  Li mouri Boston, ankò poutèt sitiyasyon peyi a, li te blije al chache swen medikal byen lwen peyi kote l fèt la.

Men, jodi a, nou vle montre solidarite nou ak pèp Bondye ki nan dyosèz Jeremi, ak evèk li, Monsenyè Dekos, ak pè li yo ansanm ak tout pawasyen Pè Oznèl.

Mwen kwè se te Monsenys Kolimon ki te di yon fwa:

Legliz se nou’ nou se Legliz: sa vle di, Legliz se tankou yon mozayik kote chak moun se yon desen; Legliz se tankoou yon bouke, kote chak moun se yon flè; Legliz se tankou yon fraz, kote chak moun se yon lèt¦ Legliz se tankou yon Kò, kote chak moun se yon manm.

Konsa, nou fè youn , yon sèl Kò nan Jezi Kri.– kit nou Ayiti, kit nou nan dyaspora; nou se yon sèl legliz, yon legliz “katolik”, sa vle di, yon legliz ki la pou tout moun, tout nasyon, pou tout ras: se resevwa nou resewa yon sèl batèm, se manje nou manje yon sèl pen, pen lavi nèt ale a, se sèvi nou sèvi yon sèl mèt, Jezikri, Granmèt la.

Semenn pase a, nan mès Krismal la, nou menm pè yo, nou te renouvle pwomès nou te bay jou yo te sakre nou pè.  Jodi a, etan n ap remèt nanm Pè Aleksi bay Bondye Papa Kè Sansib la, nou vle di Bondye mèsi pou sèvis pè Osnel te rann pèp Bondye a kom yon prèt, kom yon moun ki te reprezante Jezi, Bon Gadyen an, bay pèp sa a.

Kom se pè nou ye tou, nou konn fèblès nou yo.  Se konsa, nou pa jennen pou nou mande Bondye pou l padonnen tout peche l yo, tout fòt li yo.  Li te travay di nan patiray Legliz d’Ayiti a, Legliz Jeremi a.  Konsa, avèk konfyans nou mande Bondye fè l jwenn moso pa l nan kè poze ak kè kontan Bondye pwomèt tout bon sèvitè l yo.

Fanmi, zanmi, frè l yo nan sasèdos la an dèy poutèt lanmò Pè Oznel Aleksi. Wi, y ap sonje l, y ap manke l.  Men, lafwa nou nan Jezi ki leve a, ban n kouraj epi li soutni espwa nou.  Jan Pòl ki sen te di, si n mouri ansanm ak Kris, n a leve byen vivan ansanm avè l.   Konsa, jan pwovèb la di: 2 mòn pa kapab kontre, men 2 kretyen vivan ka toujou kontre yon jou.  Pè Oznel ap viv koulye a ak Granmèt la; epi, nou sèten nou ka al kontre avè l ankò nan peyi rwa ki nan syèl.  Se lè sa a, ansanm Pè Oznel, n a avèk Bondye nan bèlte a, se lè sa a, se Bondye Papa Kè Sansib la kap siye tout dlo nan je n yo, epi n a wè Bondye jan li ye a.

Semenn sa a se Semenn Pak la, se semenn viktwa Jezi sou fòs lanmò, peche ak Satan, se semenn lè patizan l yo rekonnèt Jezi lè l kase pen an ansanm avèk yo. Se semenn pou nou renouvle lafwa nou, pou n ranfòse espwa nou.

Nan zafè lezòm sou tè mizè sa a, se Bondye lavi a ki pral di denyè pawòl la. Se poutèt malgre tout, se chante n ap chante: alelouya!

 

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply