Article Published

Article_archdiocese-of-miami-in-jesus-christ-the-light-of-faith-has-come-to-earth

archdiocese-of-miami-in-jesus-christ-the-light-of-faith-has-come-to-earth

Homilies | Wednesday, February 05, 2025

In Jesus Christ, the light of faith has come to earth

Archbishop Wenski's homily at Notre Dame D'Haiti Mission

Archbishop Thomas Wenski preached this homily at Notre Dame D'Haiti Mission in Miami Feb. 2, 2025. After Mass, he blessed the new parish office.

Mwen la jodi a paske Pè Reji, kire nou, mande m pou beni nouvo biwo pawasyal a.  M pa ki di “non”, paske lè m Notredam lan mwen toujou santi m lakay mwen.  Men, fò pwofie vizit sa a maten an pou m mande nou ban yon kout men ak ABCD.

Si se pat pou ABCD a ya a, nou pa ta genyen yon Notredam jodi a.   Epi, si se pa pou ABCD a, pè yo pa ta genyen yon nouvo prèsbitè a demen.  Konsa, sonje men anpil, chay pa lou.  Bay piti, pa chich.

Jodi a, Legliz la ap fete Prezantasyon Granmèt la nan kay sakre Jerizalèm nan.. 40 jou apre Nwèl, nou wè Mari ak Jozèf k ap mennen ti pitit Jezi a nan tanp lan pou yo konsakre l bay Bondye.

Ala yon bèl egzamp yo trase pou nou.  Fò nou mennen pitit nou yo al jwenn Jezi nan kay sakre ki se legliz la.

Sa fè m sonje yon ti istwa sou yon manman ki te gen pitit 3 zan konsa.  L al legliz avè l.  Epi, manman di l pitit la, ou wè ti kay sa a, yo konn rele l tabènak la, se la Jezi Kri ye nan Sent Sakreman.  Epi, ou we ti limyè a ki lime nan lanmp wouj sa?  Lè ou wè limyè wouj la, ou konnen Jezi la lakay li. Konsa, manman di pitit la, “mete w ajenou bò kote m epi an n lapriyè, an n pale ak Jezi.  Pitit la ap gade limyè la, epi manman l pèdi nan lapriyè.  Apre yon bon bout tan, li rale ke jip manman l pou l di l.  Manmi, lè limyè vire vèt, eske nou ka ale lakay nou?

Mari ak Jozèf mennen Jezi nan tanp la, men se li menm ki tanp.  Sonje lè te di jwif yo, kraze tamp sa a epi nan 3 jou m a rebati l.

Men, Mari ak Jozèf fè sa yo fè a pou obeyi sa Moyiz te mande Lè ekre yo te esklav an Ejip, Bondye te sove tout premye pitit ebre pandan chatiman tonbe sou premye pitit ejipsyen yo. Pita, sou Mòn Kalvè, tanm ki se Jezi a pral detwi, men nan 3 jou, l a leve byen vivan. Bondye ki sove premye pitit ebre yo pou yo pa mouri aksepte pou sèl grenn Pitit Jezi Kri pran chatiman nou tou pou nou deliver anba lanmò pou tout tan.

Yo konn rele Fèt Prezantasyon Lachandelye, poutèt yo te konn beni chandel ak bouji yo nan fèt sa; epi, apre lamès nan lannwit yo te konn soti an prosesyon ak chandel yo tou lime pou montre Jezi se limyè tè a, epi limyè pi fò pase fènwa. Jan nou tande nan bouch Simeyon an,  Jezi se yon limyè pou klere nasyon yo, Jezi se glwa pèp Izrayèl la.

Simeon di Mari, manman Jezi a,  yon epe pral pèse nanm ou.  Men sa poze pou anpil moun nan Israyèl tonbe, pou yo leve.

L ap yon siy yo pap dakò avè l epi k ap devwale sa k kache nan kè anpil moun.

Bon Nouvèl la prezante nou 2 chemen nou ka pran nan lavi a.  Chemen k ap mennen nou kote gen kè kontan ak benediksyon oubyen chemen k ap mennen nou nan depafini.. Wi, bon nouvèl la se tankou yon kouto de bo. Reyalite n ap viv la ap separe komsi si sete 2 desten difèran. L ap pote swa yon tonbe, swa yon leve.  Swa ou ap viv pa Bondye ak pou Bondye, swa ou viv tèt ou.

Nan Jezi Kri, limyè lafwa a vini sou tè a; men fòs fènwa yo patko bay legen.  Ki fè, mache ansanm ak Jezi pap dous ni pou manman l, ni pou patizan yo, ni pou nou menm.  Jezi pral pwomèt glwa leve byen vivan ansanm avè l  Men, wout glwa pase pa chemen lakwa.  Epi, nan pye menm lakwa kote yo te kloure Jezi, epe pese nanm Manman Mari.

Se pa ti doulè, se pa ti soufrans, sila k ap mache kotakot ak Jezi pral genyen.  Men, jan Jezi di nan prèch li te bay sou Mòn nan:  Ala chans pou nou lè yo pesikite nou, ala chans pou nou lè n ap pase mize poutèt bon nouvèl la, ala chans pou nou ki swaf jistis.  Wi, ala chans, paske malgre tout, Bondye pral gen denyè pawòl la nan istwa lezòm sou tè mizè sa a. Apre lanwit se lajounen; apre vandredi sen se dimanch Pak.

Yon tonbe oubyen  yon leve.  Swa ou ap viv pa Bondye ak pou Bondye, swa ou viv tèt ou.

An n mande Bondye pou li ban nou menm kalite lafwa nou wè nsn Simeyon, menm pèsevans ak pitit fi Fanwèl, Ann, pwofètès la.  Yo di, bouch granmoun yo santi, men pawòl pa santi. Nan moso levanjil la, nou wè pasyans yo fè yo wè Sovè a.  Bondye yo tap swiv la pap bay yo kout ba.  Bondye yo a te fidèl.

Epi Bondye pa nou pa nan fèbli, sa l pwomèt nou nan Jezi Kri l ap fè vre.  Se konsa, menmsi fènwa toutotoun gen yon limyè espwa, yon reyon douvanjou k ap klere fènwa pou n mache san nou pa frape pye n sou wout la.

Limyè Jezi Kri klere nou….Limyè Jezi Kri sove nou.

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply