Article Published

Article_archbishop-wenski-homily-at-new-year-eve-mass-2022

Homilies | Saturday, January 01, 2022

Archbishop Wenski's homily at New Year's Eve Mass

Archbishop Wenski's homily at New Year's Mass at Notre Dame d'Haiti

Archbishop Thomas Wenski preached this homily while celebrating New Year's Eve Mass at Notre Dame d'Haiti, Dec. 31, 2021/Jan. 1, 2022.

2021 ala yon gagòt:

Gang yo pran peyi a pou yo…. gagòt

Jovnel asasinen…gagòt

Tranbleman tè souke tout sidwes – depi Okay rive Jeremi: gad’ on gagòt

Denyèman, kamion gaz fè aksidan, epi difè touye yon paket moun nan zòn Lafòset, Okap…gagòt.

Presidan Biden fè komsi li pa wè preske yon milyon imigran yo ap antre Ozetazini tribòbabò, men lè 15,000 ayisyen rive sou fwotyè a, se voye li voye yo tounen an Ayiti, gad’on gagòtNan yon peyi kote pa gen sekirite akòz gang yo; kote pa gen sistèm sante an kriz akòz KOVID; kote pa gen travay, kote lavi a chè epi lamizè pi rèd. Al’ yon gagòt. Anwo, anba, tout kote ou gade se yon gagòt adwat agòch, anwo, anba gagòt.Tout bagay mele, gagòt sou gagòt.

Frè m ak sè m yo, nou mèt rele byen fò ak tout fws nou: 2021 -ou mèt ale vouzan!

Sa k pase yo, fin pase; sa k a vini a, ap vini. Pito nou lèd, nou la.

Men, jodi a nou vle ambrase nouvo ane ak lapriyè paske espwa fè viv… Si Ayisyen yo ap viv malgre tout, se paske yo gen espwa; epi si yo gen espwa se paske yo konn lapriyèSi ou kontre ak yon moun ki pèdi espwa, yon moun k ap viv an desespwa, nou mèt konnen moun sa bliye lapriye.

Men gen lapriyè ak lapriyè, se pou nou lapriyè jan Jezi menm aprann nou “Papa nou, se pou volonte ou fet sou tè a tankou nan syel la”. Se konsa, Manman Mari te lapriyè lè l di Granmèt: “Mwen se sèvant ou, se pou sa fèt jan ou di a.”

Kalite lapriyè ki samble ak sa Jezi ap aprann nou se tankou yon nonm ki nan yon ti chaloup li vle rive abòde bò kote waf la.Kou l pwoche pre waf la, li vpye yon kòd pou yo mare l sou yon poto bò kote waf la. Mare kòd la mare, li koumanse rale kòd la. Epi sa k pase? Chaloup proche bò kote waf la. Se pa waf la ki deplase al jwenn chaloup la, men se chaloup la proche pre waf.Epi si lamè a agite, si van ap soufle, fòk nonm ki nan chaloup redi pi di, se plis jefò pou l fè si l vle rive sou waf la.

Sonje, Jezi aprann nou lapriyè: Se pou lapriye pou volonte Bondye fèt sou tè a. Sonje se konsa manman Mari ki toujou ban n sekou te lapriyè lè l te di, se pou sa fèt jan ou di a.Anpil moun pa konprann sa, yo konn lapriye Bondye pou yo mande l: se pou sa fèt jan m vle a, jan m di a. Se paske twòp moun vle volonte pa yo fè, pa volonte Bondye, bagay vin mele jan nou wè yo byen mele.

Patizan Jezi Kri yo fèt pou lapriyè jan Jezi montre n, pou volonte Bondye fè sou tè a tankou nan syel la.Eske sa nou we kap pase nan peyi d’Ayiti Toma dakò ak volonte Bondye Papa a?

Eske Bondye vle lamizè pou nou? Eske Bondye vle pou nou viv nan kè sote ak kè sere? Pa ditou.

Gagòt sa a nou wè toutotou n se pa sa Bondye vle.

Non! paske Li kreye n pou n pòtre avè l. Li kreye n pou n viv nan kè kontan ak kè poze, tankou frè ak sè nan yon menm fanmiy.

Se sa jès bwè soup jouroumou a premye janvye vle diSe solidarite Bondye vle pou nou, pou nou viv lenzalot pa do za do.

Men, pou nou fòme chenn solidarite sa a, fò nou kase chenn esklavay nou yo. Wi, fò n kase chenn egoyiz la. Fò n kase chenn viv pou tèt nou ase, chenn viv nan gran panpan ak nan gaspiyay.

Chenn sa yo mare nou pou nou pa lib, pou pa viv ak fratènite, pou n pa konnen sa yo rele egalite. Chenn sa yo mare n nan esklavay ak lanmò.

Premye Janvye, anivèsè endepadans peyi d’Ayiti Toma, se kòmansman yon nouvo ane. Se poutèt sa, malgre tout pwoblèm nou yo, malgre tout tray n ap pase, premye janvye vlope ak espwa.

M ap mande nou pou n fè yon ti kanpe pou n koute byen koute chan sa k ap parèt sou ekran an. Se yon ayisyen ki abite Miyami ki kompoze l; men, l ale jiska Angletè pou fè yon koral chante l. Tanpri koute byen koute pawòl chan sa.

Espwa se motè lavi a, paske se li ki bay lavi a sans li, espwa fè viv. Epi, jodi a, menm jan tankou zanzèt nou yo, nou vle viv.Nan mitan degoutans lavi a, fò cheche konnen jouk andedan kè nou pou nou jwenn solisyon gagòt sa yo.

Frè ak sè n yo, jodi a, premye janvye 2022, kontredans lavi ap rekòmanse pou nou.

Se jefò nan soufrans k ap pote delivrans.

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply