Article Published

Article_wenski-homily-cap-haitien-haiti-assumption-feast

Homilies | Thursday, August 15, 2019

Fò lapriyè n monte pou gras la ka desann sou nou

Archbishop Wenski's homily in Haiti, on the feast of the Assumption

Archbishop Thomas Wenski preached this homily on the feast of the Assumption, Aug. 15, 2019, in the cathedral of Cap Haitien, Haiti. Our Lady of the Assumption is patroness of the archdiocese in Haiti’s second largest city. Archbishop Launay Saturné invited him to preside and preach.

Archbishop Thomas Wenski exits the cathedral of Cap Haitien after celebrating Mass there on the feast of the Assumption, patroness of the Haitian archdiocese.

Photographer: COURTESY

Archbishop Thomas Wenski exits the cathedral of Cap Haitien after celebrating Mass there on the feast of the Assumption, patroness of the Haitian archdiocese.

Mèsi, Monsenyè Saturne, mèsi pou envitasyon w pou m vin preche pou moun Okap yo jounen jodi a nan fèt patwonal vil Okap la.

Mezanmi, jodi a, n ap mande Manman nou, li menm Bondye fè monte nan syèl la ak tout kò ak tout nanm li, pou ede nou lapriyè.  Wi, fò lapriyè n monte pou gras la ka desann sou nou, sou peyi nou. 

“Manman Notredam, se ou ki rènn nou, ede nou fè volonte Bondye pou nou rive viv nan syel tankou w.”

Fèt Mari ki monte nan syèl la ak tout kò li ak tout nanm li se yon fèt ki popilè anpil nan tout peyi d’Ayiti Toma.

Sa k fè fèt popilè konsa?  Koze sa mande chita.  Gen moun ki ka di fèt sa popilè paske fèt sa a tou kole ak fèt Bwa Kayiman.  

Wi! Bwa kayiman gen tout enpòtans li, paske se nan Bwa Kayiman ayisyen yo deside pou yo batay pou yo soti anba esklavaj blan franse yo. Men, fèt Jodi a, li gen tout enpòtans li tou: paske, jan nou tande nan moso levanjil la nan bouch Manman Mari, Bondye nou an se yon Bondye ki sonje sa k piti yo; se yon Bondye ki toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li.  Se yon Bondye ki fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo.  Se yon Bondye ki desann chèf ki te byen chita nan fotèy yo, ki leve moun ki pa gen pretansyon yo, ki bay moun ki grangou yo anpil byen.  Se yon Bondye , ki voye rich yo ale san anyen.  

Bondye nou an se Bondye Abraram an, se Bondye Moyiz la, se Bondye Jezi Kri ki vin pòte sekou bay pèp Izrayèl k ap sèvi l la.  Li pa bliye fè wè jan li toujoun gen kè sansib.

Nan Bwa Kayiman, Boukman te mande Bondye pou li koute vwa lalibète k ap chante nan kè nou. Magnifikat Mari chante a se vwa lalibète sa a,  se vwa lalibète k ap chante nan kè nou.  Epi, fèt Asompsyon fè nou konprann, malgre tout bagay yo sanble yo mele, gagòt sou gagòt, Bondye nou an ap kenbe pwomès li fè n yo.

Antouka, nou mèt di fet la popile paske nou menm katolik, nou renmen Manman Mari. Fò nou renmen l: si nou pa ta renmen manman an, si nou pa ta respekte l, eskè nou ka di nou renmen, nou respekte pitit manman sa a te fè a?

Ou ka di moun yo: ou zanmi tèl moun. Men, si ou pale manman zanmi ou mal, eskè moun yo pral kwè ou se zanmi entèl tout bon vre. Ale wè pou zanmi a menm.

Epi, Manman Mari se te premye patisan an, se te premye disip la:  paske se li menm ki te di Bondye “wi” an premye lè zanj Gabriyèl te anonse l li pral vin manman Sovè a.  Konsa, menm jan Mari te di Bondye “wi”, “Mwen se sèvant Granmèt, fò sa fèt dapre pawòl w”, nou pa ka di nou se patizan Jezi si nou menm bò kote pa nou pa fè volonte Bondye.

Se leson sa a Manman Mari ban n.  Sonje sa k te pase lè Jezi te ale nan yon nòs lavil Kana ansanm ak patizan l yo. Sonje Manman Mari te la. Epi, lè te manke diven, se Mari ki te pran lapawòl, an premye, pou li pale ak Jezi, epi pou li pale ak sèvitè yo. Li di sèvitè yo, fè tou sa li mande n fè a. Jezi te di yo plen krich yo dlo; yo fè sa l te mande yo; epi, premye mirak la te fèt: dlo tounen diven an.

Se poutet sa, nou konn chante: Mari, manman nou, nou vini jwenn ou, nan ou nou twouve Jezi. Paske, chak fwa, nou rele: Mari; Mari, li menm li reponn nou Jezi.   Se sa k te fèt lavil Kana a. Mari fè Jezi fè yon mirak; epi, se sa ki te pase Bèlè lè pèp la plede rele Manman Mari pou yo sove anba maladi a. Mari tande, epi li reponn: Jezi.

Konsa, Mari te toujou travay sosye ak Jezi.  Li menm ki te tande pawòl la epi ki te kalkile l nan kè l toujou rete alakout: pa sèlman pou tande pawòl Bondye a, men, pou li tande rèl pitit li yo. Depi sou Mòn Kalvè, Mari angaje ak nou. Fò nou angaje ak li.  Batèm nan fè n tounen pitit Bondye, nou se pitit adoptif Bondye grasa Jezi, gran frè n.  Nou se frè ak sè, paske, grasa Jezi, nou gen yon menm Papa, epi yon menm Manman.

Archbishop Thomas Wenski poses with Cap Haitien Archbishop Launay Saturné before celebrating Mass there on the feast of the Assumption, patroness of the Haitian archdiocese.

Photographer: COURTESY

Archbishop Thomas Wenski poses with Cap Haitien Archbishop Launay Saturné before celebrating Mass there on the feast of the Assumption, patroness of the Haitian archdiocese.

Men, sonje denye pawòl Mari ki ekri nan labib la. Se pa denye pawòl Mari di, men denye sa l te di ki vin kouche sou papye nan labib la: “Fè tou sa li di nou fè”.  Sa se bon konsèy pou nou swiv jodi a, si nou vle soti nan tout tchouboum ki fè lavi a si tèlman dezagreyab pou nou. Fè sa Jezi di nou: men, kle a ki ka louvri pòt espwa a ban nou, bay peyi nou. Pase pou n chache viv pou tèt nou, “fè sa Jezi di nou”, pou nou ka viv pou lòt yo.

Manman Mari, la avè n.  L ap ban n sekou. Men, sa pa vle di, l ap fè pou nou. L ap ede n, men, li pap ranplase n. Li pa yon manman ki renmen gate pitit li yo, ki fè yo vin engra, ki fè yo tounen ensipòtab. Li vle pou nou pran wòl nou, bò kote pitit li.  Li pap kite n pou kont nou nan konba lavi; men, li pa pral al nan batay la san nou.   Li angaje avè n; fò nou angaje avè l.

Epi, paske li angaje ak nou, li ban n zam pou n al nan konba lavi a. Men, zam pitit Bondye yo se pa fisi, se pa kouto, oubyen nepe oubyen manchèt. Zam nou se lapriyè. Epi,  zam Manman Mari ban nou  an ki pi pwisan se chaple a. Wòzè a se yon bon zam ki ka fè nou genyen batay la.

Lapriyè chaple se yon fason pou gade Jezi – ak tout bèl bagay Jezi fè pou nou – avèk je manman li.  Resiste chaple a se tankou mete yon mizik tou dou pou n ka reflechi pi byen sou tout mèvèy delivrans yo. Chaple a sanble yon chenn – men, se pa chenn esklavaj; okontrè, se chenn libèrasyon, chenn delivrans. Paske, se yon chenn ki la pou l mare tout move santiman ki nan kè n, tou sa ki ka anpeche n fè sa Jezi mande pou nou fè.

Epi, m ap ban nou yon egzamp. Lapriyè Jezi aprann nou, lapriyè ki san parèy se Notrepè a. Se yon bèl lapriyè; men, alafwa se lapriyè ki terib. Poukisa? Paske Jezi aprann nou di: Padonnen nou tankou nou konn padonnen moun ki fè nou kichòy. Sa Jezi mande n fè? Li mande n padonnen, li mande n pa rete fache, li mande n pa kenbe moun nan kè n.

Mezanmi, sa se yon bèl lapriyè, men, li ka difisil pou nou di l san ipokrizi. E se la nou konn aprann valè chaple a. Se la nou konn aprann valè lapriyè ak Mari ki pap refize ban n sekou.

Gade byen: nan resite nou resite chaple a, chak fwa nou di yon Notrepè, nou repete 10 fwa, Mari se pou w kontan…Ou se manman Bondye, nou se pechè, lapriyè pou nou jodi a, ak lè nou prèt pou nou mouri.

Si kè n di poutèt li plen ak rayisans ak jalouzi, si kè nou di pou nou pa ka di, “padonnen nou tankou nou konn padonnen frè n yo”, nou rele kòt Mari pou li fann kè wòch nou an, pou li geri tout maling lògèy: “Ou se manman Bondye, nou se pechè, lapriyè pou nou...”

Si volonte Granmèt ap fèt sou tè a tankou nan syèl la, fò nou aksepte fè l nou menm tou, fò nou fè volonte Bondye pou nou youn renmen lòt; fò nou fè sa lakay, Fò nou fè sa nan lakou lakay, fò nou fè sa nan vil la ak denye kwen peyi a.

Fò nou aksèpte fè volonte Granmèt la nan aksepte misyon Bondye ban nou chak lè nou te batize a.  Bondye ap kenbe pwomès li fè n yo depi bò kote pa nou nou konsekan ak angajman nou yo pou n mete kè kontan kote gen kè sere, pou  nou gaye kè poze kote gen kè sote. Se konsa, Bondye ap kondi bra nou pou nou rapòte laviktwa, se konsa l ap ban nou asistans li.

Mezanmi, sa pa fasil, se vre,  Jezi te pale nou byen klè, li di nou wout laglwa leve byen vivan pase pa chemen lakwa. Men, apre lannwit, solèy la ap leve. Bondye nou ki gen zorèy pou tande, ki kache nan nyaj k ap gade nou kote ou ye la fè Mari monte nan syèl ak tout kò ak tout nanm li pou li koronen renn syèl la ak tè a. Sa ban nou asirans: Se jefò n nan soufrans k a pote delivrans. Se jefo n nan soufrans k a pote delivrans.,

Ane k ap vini a, Okap ap fe 300 rekòlt kate, epi, 200 zan depi lanmo Anri Kristof. An nou mande Bondye pou l gen kè sansib pou nou nan anivèsè sa yo; men, an menm tan, fò nou montre nou gen kè sansib pou frè nou yo, pou sè yo.

An n mande Manman Mari ban n sekou li– pou l ede n abiye sa k toutouni; pou li ede n bay sa k grangou yo manje, pou l ban n sekou pou n akeyi etranje a ak bonjan; pou nou korije moun ki nan èrè ak dousè. Se pou li ban n yon kalite kè sansib ki sanble ak pa l la; se pou li lapriyè pou nou sanble ak pitit li,Jezi, li menm ki pòtre kè sansib Papa a.

Men, bèl priyè yo rele Memorare, se Sen Bena ki te kompose l:

O sonje, Manman Lavyèj Mari,
Ou menm ki rèt bèl anpil,
Kijan yo pa janm tande pèsonn rèt san sekou apre l te fin mande w konkou,
Pèsonn rèt san anyen lè l fin rete non w.
Ak kalite gwo konfyans sa a nan kè m,
Men mwen rive kote w:
O vyèj ki bèl pase tout vyèj!  Manman mwen!
Se bò kote ou, m vini;
Mwen ki chaje ni ak peche ni ak lapennn.
O Manman “Pawòl ki tounen Moun lan”, pa meprize rèl mwen yo.
Men, nan kè sansib ou a, tande mwen, koute mwen.  Amen. 

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply