Article Published

Article_miami-wenski-homily-notre-dame-du-perpetuel-secours-lapriye-monte-gras-la-desann

Homilies | Saturday, June 27, 2020

Notre-Dame du Perpetuel Secours: Lapriyè monte, gras la desann!

Archbishop Wenski's homily for feast of Our Lady of Perpetual Help

Archbishop Thomas Wenski preached this homily while celebrating Mass for the feast of Our Lady of Perpetual Help, patroness of Haiti, at Notre Dame d'Haiti Church in Miami, the evening of June 27, 2020.

O Mari, manman pèp Ayisyen,
Ou ki ban nou Jezi sou tè a,
Fè li grandi, nan lavi nou.

Jodi a se fete n ap fete Notredam d’Ayiti; n ap fete Manman Mari ki toujou ban n sekou. Epi, si jodi a pèp ayisyen an chante ochan pou Manman Mari, si jodi a, pèp ayisyen an rekonèt Notre-Dame du Perpetuel Secours kom patwon peyi Ayiti, se paske se gras a lapriyè li, Manman Mari fè pèp la sove anba yon vye maladi po, yon epidemi vèrèt ki tap fè dega nan peyi a nan 19-yèm syèk la.  Lapriyè monte, gras la desann!

Koulye a, se pa vèrèt la k ap fatige n – se KOVID-19, se chomaj la, se depòtasyon. Se twoub nan sosyete a – gagòt adwat gagòt agòch.  Fo n rele byen fò, Manman Mari, kore nou; ba n sekou paske n ape peri.  Wi, se pou lapriyè monte, pou gras la desann sou nou chak.

Wi, Manman Mari, li la avè n. L ap ban n sekou; l ap toujou ban n sekou. Men, sa pa vle di, l ap fè pou nou.  Wi, l ap ede n; men, li pap ranplase n. Fò fè pa n. Sa vle di, Manman Mari se pa yon manman ki konn gate pitit li yo. Pitit yo konn gate tounen engra, yo tounen ensipòtab. Manman Mari pa vle pou n timoun gate; li vle n pou n pitit reskonsab.

Li vle pou nou pran wòl nou, bò kote pitit li Mari pap kite n pou kont nou nan konba lavi a; men, li pa pral al nan batay la san nou. Li angaje avè n; fò n angaje avè l tou. 

Sonje sal i te di sèvitè yo nan Nòs Kana – anvan yo al kot Jezi, Mari te di yo: “Tou sa li di n, fè li.”  Epi, konsa, Jezi di yo, al plen krich yo dlo. Yo fè sa l mande yo fè, epi, premye mirak la fèt:  dlo tounen diven an.

Men, pou Manman Mari, se li di n pou n fè, se li ki fè an premye: Li se premye disip la, premye patisan an  paske se li menm ki te di Bondye “wi” an premye lè zanj Gabriyèl te anonse l li pral vin manman Sovè a. 

Konsa, menm jan Mari te di Bondye “wi”, “Mwen se sèvant Granmèt, fò sa fèt dapre pawòl w”, bò kote pa nou, nou pa ka di nou se patizan Jezi si nou menm bò kote pa nou pa fè volonte Bondye – si nou pa fè sa Jezi di nou. Epi, Fè sa li di nou – se denye pawòl Mari a te di ki parèt nan labib la.  Nou sipoze Mari te pale anpil bagay – li pat bèbè,  Men, lè Jan vin ekri levanjil la – epi, sonje se Jan ki te resevwa lakay li – men lè Jan vin ekri levanjil la se pawol sa yo – fè sa li di nou fè – li kouche sou papye. Nou mèt di, Fè sa li di nou fè, se tankou tèstaman Mari kite bay legliz la.

Se poutet sa, nou pa bezwen pè, si nou pale sou Mari sa l pral retire kichoy sou nou dwe bay Jezi.   Mezanmi,  nanpwen dezonè pou Jezi si nou onore manman l. Okontrè, Jezi kontan lè nou onore manman; Jezi kontan si n renmen manman li. Epi, si nou pa ta renmen manman an, si nou pa ta respekte l, eskè nou ka di nou renmen, nou respekte pitit manman sa a te fè a?

Ou ka di moun yo: ou zanmi tèl moun. Men, si ou pale manman zanmi ou mal, eskè moun yo pral kwè ou se zanmi entèl tout bon vre. Ale wè pou zanmi a menm.

Frè m ak sè m yo, chak fwa nou Mari, li reponn nou Jezi. Epi, li di nou: tou sa li di nou, fè li.

Mari te toujou travay sosye ak Jezi. Li menm ki te tande pawòl la epi ki te kalkile l nan kè l toujou rete alakout: pa sèlman pou tande pawòl Bondye a, men, pou li tande rèl pitit li yo.

Depi sou Mòn Kalvè, Mari angaje ak nou. Fò nou angaje ak li. 

Epi, paske li angaje ak nou, li ban n zam pou n al nan konba lavi a. Men, zam pitit Bondye yo se pa fisi, se pa kouto, oubyen nepe oubyen manchèt. Zam nou se lapriyè. Epi, zam Manman Mari ban nou  an ki pi pwisan se chaple a. Wòzè a se yon bon zam ki ka fè nou genyen batay la.

Lapriyè chaple se yon fason pou gade Jezi – ak tout bèl bagay Jezi fè pou nou – avèk je manman li.  Resite chaple a se tankou mete yon mizik tou dou pou n ka reflechi pi byen sou tout mèvèy delivrans yo. Chaple a sanble yon chenn – men, se pa chenn lesklavaj; okontrè, se chenn libèrasyon, chenn delivrans. Paske, se yon chenn ki la pou l mare tout move santiman ki nan kè n, tou sa ki ka anpeche n fè sa Jezi mande pou nou fè.

Epi, m ap ban nou yon egzamp. Lapriyè Jezi aprann nou, lapriyè ki san parèy se Notrepè a. Se yon bèl lapriyè; men, alafwa se lapriyè ki terib. Poukisa? Paske Jezi aprann nou di: Padonnen nou tankou nou konn padonnen moun ki fè nou kichòy. Sa Jezi mande n fè? Li mande n padonnen, li mande n pa rete fache, li mande n pa kenbe moun nan kè n.

Mezanmi, sa se yon bèl lapriyè, men, li ka difisil pou nou di l san ipokrizi. E se la nou konn aprann valè chaple a. Se la nou konn aprann valè lapriyè ak Mari ki pap refize ban n sekou.

Gade byen: nan resite nou resite chaple a, chak fwa nou di yon Notrepè, nou repete 10 fwa, Mari se pou w kontan; Ou se manman Bondye, nou se pechè, lapriyè pou nou jodi a, ak lè nou prèt pou nou mouri.

Si kè n di poutèt li plen ak rayisans ak jalouzi, si kè nou di pou nou pa ka di, “padonnen nou tankou nou konn padonnen frè n yo”, fò nou rele kòt Mari pou li fann kè wòch nou an, pou li geri tout maling lògèy:

“Ou se manman Bondye, nou se pechè, lapriyè pou nou...”

Si nou vle volonte Granmèt ap fèt sou tè a tankou nan syèl la, fò nou aksepte fè l nou menm tou, fò nou fè volonte Bondye pou nou youn renmen lòt; fò nou fè sa pitit Mari di nou pou n fè.

Fò nou aksèpte fè volonte Granmèt la nan aksepte misyon Bondye ban nou chak, lè nou te batize a.  Bondye ap kenbe pwomès li fè n yo depi bò kote pa nou nou konsekan ak angajman nou yo pou n mete kè kontan kote gen kè sere, pou  nou gaye kè poze kote gen kè sote. Se konsa, Bondye ap kondi bra nou pou nou rapòte laviktwa, se konsa l ap ban nou asistans li.

Mezanmi, sa pa fasil, se vre,  Jezi te pale nou byen klè, li di nou wout laglwa leve byen vivan pase pa chemen lakwa. Men, apre lannwit, solèy la ap leve. Bondye nou ki gen zorèy pou tande, ki kache nan nyaj k ap gade nou kote nou ye la fè Mari monte nan syèl ak tout kò ak tout nanm li pou li koronen renn syèl la ak tè a. Sa ban nou asirans: Se jefò n nan soufrans k a pote delivrans. Se jefo n nan soufrans k a pote delivrans.,

An n mande Manman Mari ban n sekou li– pou l ede n abiye sa k toutouni; pou li ede n bay sa k grangou yo manje, pou l ban n sekou pou n akeyi etranje a ak bonjan; pou nou korije moun ki nan èrè ak dousè. Se pou li ban n yon kalite kè sansib ki sanble ak pa l la; se pou li lapriyè pou nou sanble ak pitit li,Jezi, li menm ki pòtre kè sansib Papa a.

Men, bèl priyè yo rele Memorare, se Sen Bena ki te kompose l:

O sonje, Manman Lavyèj Mari,
Ou menm ki rèt bèl anpil,
Kijan yo pa janm tande pèsonn rèt san sekou apre l te fin mande w konkou,
Pèsonn rèt san anyen lè l fin rete non w.
Ak kalite gwo konfyans sa a nan kè m,
Men mwen rive kote w:
O vyèj ki bèl pase tout vyèj!  Manman mwen!
Se bò kote ou, m vini;
Mwen ki chaje ni ak peche ni ak lapennn.
O Manman “Pawòl ki tounen Moun lan”, pa meprize rèl mwen yo.
Men, nan kè sansib ou a, tande mwen, koute mwen.  Amen. 

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply