Article Published

Article_15787583017173

Homilies | Friday, January 10, 2020

Malgre tout Ayiti toujou la

Archbishop Wenski's homily at Mass marking 10th anniversary of Haitian earthquake

Archbishop Thomas Wenski preached this homily Jan. 10, 2020, during a Mass at Holy Family Church in North Miami in memory of the 350,000 victims of the 7.0 earthquake that struck Haiti a decade ago, Jan. 12, 2010.

Se sonje n ap sonje. 12 Janvye 2010 a 4trè ak 53 minit, Ayiti pran yon move kou. Yon trambleman tè pèp la rele “goudougoudou” a frape Ayiti – Pòtoprens, Jakmèl ak Leyogrann afèkte. Nan 30 segonn konsa, kay lajan dyaspora bati pou fanmiy yo tonbe plat atè. Sa k pi rèd, 350,000 kretyen vivan mouri – gen lòt ki pèdi janm yo, bra yo. Epi, plis pase yon milyon edmi rete nan lari ap dòmi deyò.

Moun ki te mouri yo se te fanmiy nou oubyen zanmi nou. M ta di pa gen youn moun isit ki pat gen yon moun, swa yon manm fanmiy, swa yon zanmi, ki te mouri jou sa. Se sonje n ap sonje yo jodi a – se pou Bondye lavi a bay yo lavi nèt ale a. Se pou Bondye kè sansib la siye dlo nan je nou.

Archbishop Thomas Wenski and Haitian priests join a standing-room-only congregation at Holy Family Church in North Miami to celebrate a Mass marking the 10th anniversary of the 7.0 earthquake that hit Port-au-Prince and nearby cities Jan. 12, 2010, killing about 350,000 and leaving millions homeless. The Mass was celebrated Jan. 10, 2012.

Photographer: Via Instagram @thomaswenski

Archbishop Thomas Wenski and Haitian priests join a standing-room-only congregation at Holy Family Church in North Miami to celebrate a Mass marking the 10th anniversary of the 7.0 earthquake that hit Port-au-Prince and nearby cities Jan. 12, 2010, killing about 350,000 and leaving millions homeless. The Mass was celebrated Jan. 10, 2012.

Jou ale, jou vini. Ayiti patko refè – li pi mal. Jounen jodi a yo di gen 3.7 milyon ayisyen k ap viv ak ensekirite alimantè. Sa vle di, yo grangou. Epi, yo di lè mwa Mas rive pral genyen 4.2 milyon moun grangou.

Ayiti chèri nou tounen Ayiti chire. Apre trambleman tè a, tout moun te vle kwè, nou ta kapab rebat kat la pou rebati Ayiti. Movèz fwa, koripsyon, divizyon…. Anpil moun ni andedan peyi a ni andeyò peyi a vin rich sou dò pèp la. Mwen pa bezwen di plis; nou menm nou konnen sa pi byen pase m. Jan pwovèb la di: ki mele pis ak grangou chen an.

Men, malgre tout Ayiti toujou la. Pèp la resistan. Pèp la pa ka konte sou lidè l yo, pèp la pa ka konte sou èd entènasyon yo. Pèp ayisyen pòv nan resous matèryèl, men, pèp la rich nan lafwa. Pèp la sou kont Bondye – epi depi Bondye pa lage l, l ap toujou resistan.

Mwen sonje kèk semenn apre trambleman tè a mwen te Pòtoprens epi m tap kanpe anfas kote legliz Sakre Kè te ye. Sèl bagay ki te rete se te yon kalvè devan kote legliz la te ye a. Gen yon jounalis ki pase. Epi, l ap gade ki jan tout vwazinaj la kraze, epi li mande tèt li: Kote Bondye te ye?

Mezanmi, pase pou nou blame Bondye, fò nou rekonnèt tò nou. Nan menm ane 2010 te gen yon trambleman tè Chili, 200 moun mouri; nan menm ane 2010, te gen yon trambleman tè New Zeeland. Pèsonn mouri. Semenn sa a Pòtoriko frape – yo pran kouran; men yon sèl moun ki mouri. An Ayiti, si gen 350,000 moun ki mouri, se pa fòt Bondye sa ye; se fòt neglijans lezòm, se fòt koripsyon lezòm.

Kote Bondye te ye?

Te gen yon ti granmoun ki tande sa jounalis tap di a. Epi, li gade l, epi li di l konsa: Men li! Epi, li fè l gade kalvè a ak imaj Jezi yo krisifye. Se komsi, li tap di msye a: Kote Bondye? men li; li ak pèp li a, l ap soufri avè l.

Wi, nan sezon sa a nou fèk fete jan Pawòl Bondye a tounen yon moun menm jan ak nou nan tout bagay sòf peche li pat konn fè. Li pran yon kò menm jan ak kò pa nou. Li fè sa pou li te kapab soufri ansanm avèk nou. Epi, nan soufri li soufri a, li ban nou lavi nèt ale a.

Semenn sa a, gen 2 gwo atik ki parèt nan Miyami Herald sou 10-yèm anivèsè goudougoudou a. Premye atik la pale sou tou sa ki pa te fè. Lajan ki gaspiye, lajan ki volò; bèl pwojè ki tounen pawòl mete la. Se te pou fè ou kriye; men, dezyèm atik la parèt jedi (m kwè) te pi positiv. Tit atik la se te: klòch legliz yo kòmanse sonnen ankò. Katedral Miwagwan te rebati – epi, lè travay la fini, yo sonnen klòch yo – tout vil soti pou kannpe an rann. Se komsi klòch anonse pèp la. Bondye la – epi depi Bondye la, espwa fè viv.

Jou sa yo, laprès pa konn pale byen sou legliz Katolika la. Men, nan denyè 10 zan sa yo, Legliz pa te rete kalewès – lopital Sen Franswa di Sal rebati. Sen Terez, rebati, Sen Luis Rwa d Frans, rebati, Kris Rwa rebati, Sen Francis d’Asis, Grangwav, rebati. Sen Michel, Jakmèl rebati….. Genyen plis pase 30 pwojè ki fini – legliz, lekol, kay mè, novisya bi bati. Sakre Kè, Sen Gera, Sent Ann sou wout. Gen anpil travay ki pou fèt toujou. Men, legliz ka pran devan – paske legliz la se yon sèl kò – epi konsa, legliz Ozetazini, Kanada, Almay ak Lafrans – deside travay ansanm ak transparans, dilijans ak seryozite. Li pa te fasil – epi, anpil travay pran reta - ou pa ka bati, ou pa voye siman ak lòt materèl kote yo bati si peyi a an lòk, si wout yo bare. Epi, tripotaj, jalouzi, pa fwa konn mete dlo nan lwil motè a. Men, an gwo legliz la ale pi lwen pase leta ak NGO entènasyonal yo. Epi, si Legliz la ale pi lwen se paske Legliz kwè pèp sa a merite gen yon lavni miyò. Li merite yon lavi alawotè moun Bondye kreye pòtre avè l. Li merite diyite ak jistis. Li merite viv.

Men, jodi a, se pa pou tout vante tèt nou paske nou te fè sa l nou te dwe fè kom patizan Jezi Kri.

Tankou Sen Jan di nou nan levanjil la: Bondye si tèlman renmen nou li voye sèl grenn Pitit li a pou l sove n.

Menm jan Jezi pap lage pèp aysiyen, fò nou pa lage l nonplis. Kote Bondye te ye? Ti granmoun nan te byen reponn jounalis la: Li la kote pèp la ap soufri a. Epi, si nou se patizan l yo tout bon vre, fò nou la tou. Fò nou reponn “prezan” lè klòch yo sonnen pou nou fòme yon chenn solidarite. – paske se nou ki pye, se pou ki bra Jezi jounen jodi a.

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply