Homilies | Sunday, October 18, 2026

Wi, se yon tab Granmèt la ap pare nou

Archbishop Wenski's homily for the first day of Jericho

Archbishop Thomas Wenski's homily at evening Mass for the first day of Jericho. Notre-Dame d'Haiti Parish, Oct. 18, 2026.

"Bondye O! Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo.  Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen."   Sa se tèm Jeriko ane 2026.  Epi, pawòl sa yo soti nan Sòm 23, vèsè 5. 

Wi, se yon tab Granmèt la ap pare nou.  N a jwenn tou sa nou ka bezwen bò tab sa a.. Men ant sa Bondye ap pare nou ak kote nou ye gen kèk  gwo miray pou nou kase. Miray lògèy, miray endiferans, miray jèn, miray laperèz, miray enjistis, miray ensekrite, miray ICE.  Ay, yay, yay, malè pa gen klowoks. Se pou sa nan semen sa a, semen Jeriko, se mache pou nou mache toutotou vil Jeriko a, se mache pou nou mache ak lafwa jiska miray sa a tonbe. N ap pote zam – zam priyè n yo ak  zam pawòol Bondye a. 

Nan moso levanjil nou fèk tande, se 2 group moun ki tap chache mete yon pelen pou pran Jezu nan pyèj:  farisyen yo ak patizan Eròd yo.  Sonje yo tap chache yon rezon pou arete l, pou disparet li – yo chak gen rezon pa yo.  Pyèj tann – si Jezi ta reponn pa peye taks la, patizan Eròd yo ki te konn kòlabore ak Women yo ka denonse Jezi kom yon kamoken, kom yon lenmi Women yo;  epi, si Jezi ta reponn, fò ou peye taks la, farisyen yo – ipokrit yo – ta di pèp la:  nou wè Jezi se sousou Women yo, konsa yo konprann yo ka detwi kredibilite l devan pèp la. 

Jezi konprann jwet yo. L mande yo: poukisa n ap chache pran m nan pelen konsa? Li mande yo: Pòtre ki moun avèk non ki moun nan pyes lajan an. Seza, yo di l,  Nan repons li bay yo, “bay Seza sa k pou Seza, ak Bondye sa ki pou Bondye”, li chape sot nan pelen an.

Si yon pyès monnen se pou Seza paske li pote mak li, alò moun Bondye kreye pòtre avè l se pou Bondye paske li pote imaj Bondye a.

Pi gwo trajedi nan soufrans Ayiti a—soti nan vyolans gang yo ki gaye toupatou ak ensekirite alimantè, rive nan efondreman politik—se yon atak kont  sa yo k a rele *Imago Dei* a (imaj Bondye a). Chak ayisyen, chak frè Jis, ak Sòyèt, gen diyite, chak gen dwa.  Tout moun se moun.  Se pa leta ki fè nou moun, se pa Nasyonzini ki fè nou moun, se pa politisyen koronpi yo ki fè nou moun.

Se pa lajan ki ban n diyite n, se pa zam ki ban n diyite n, se pa TPS oubyen Greencard ki ban n diyite n.  Se Bondye ki fè nou moun; epi li kreye nou potrè avè l, se li ban n diyite n. Wete lajan an, wete zam yo, wete papye nou, n a toujou gen diyite n, paske Bondye ban nou li.: Antite sou tè a (kit se gang, ofisyèl koripsyon, oswa enstitisyon entènasyonal) souvan pretann yo gen kontwòl total sou lavi, kò, ak avni popilasyon an. Dapre lojik Jezi a, enstitisyon sa yo depase limit yo. Yo gen devwa pou rann jistis, men yo pa mèt kretyen vivan yo pou sa.  

Repons Jezi a mete gouvènman sou tè a nan plas yo, epi li limite pouvwa yo. Moso levanjil sa a  avèti kont mete tout konfyans nou nan dirijan ki la pou yon ti tan oswa nan sistèm politik ki defektye—sa vle di, pa fè politik tounen yon zidol ni an Ayiti, ni bò isi a. Le yo vle pran plas Bondye, fo nou ka di yo: rèt nan wòl nou.

Nan Ayiti, lè moun konte sou faksyon politik, sou gouvènman k ap chanje toutan, oswa sou aktè jeopolitik etranje, sa souvan lakòz plis enstabilite toujou.

Nou pa vle:  Viv Ansanm. Men, nou mande Byen Viv Ansanm.:  "Bay Bondye sa ki pou Bondye,"  vle di rekonèt  Bondye mande pou nou pwoteje, pran swen, epi leve nivo lavi tout kretyen vivan, tout èt imen yo—paske yo se imaj vivan Bondye sou tè a.

Pou kominote entènasyonal la ak òganizasyon relijye yo, pasaj sa a chanje konsantrasyon an: olye pou yo jis ap soutni estrikti politik ki echwe yo (Seza), yo dwe pran yon angajman total pou sove lavi moun epi rekonèt valè lavi sa yo (Bondye).

Men, nou pa ka gade Kris la ki sou kwa a san nou pa gade moun yo kloure sou kwa devan je nou – epi wè Kris la nan yo. Peche ka fè kè nou vin di epi fè nou pa wè soufrans moun ki bò kote nou yo. Sonje soufrans Sovè a, selebre pasyon li a, vle di reveye konpasyon anndan kè nou ankò – konpasyon pou pòv ki nan mitan nou yo, pou moun ki pou kont yo; konpasyon pou moun ki malad, pou moun ki nan prizon, pou moun ki pa gen papye; konpasyon pou moun ki gen kè kase oswa lespri yo kraze.

Sonje tèm Jeriko ane sa a:

"Bondye O! Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo.  Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen."  

Lamès se tab Bondye pare pou nou an, Fèt Lekaristi a fè nou sonje sa Jezi fè pou nou. Nou fè lamès pou n sonje Jezi Kri; men, an menm tan, se tankou avangou syèl. Paske nan syèl nap viv ak Bondye – nou nan Bondye, Bondye nan nou. N a gen kè n kontan paske n a fè youn ak li ki sous tout kè kontan. Men, sa deja koumanse pou nou nan manje nou manje Kò Kris la, nan bwè nou bwè San li. Nou fè youn avè l. Nou manje l pou nou vin tounen li, pou nou sanble avè l.

Se nan lamès – nan koute pawòl Bondye epi nan resevwa sakreman delivrans la, nou aprann kouman pou byen viv ansanm, pa pou tèt nou ase, men pou lòt yo.

Sonje lamès se menm sakrifis Jezi ofri sou lakwa... Nan mouri li mouri Jezi fè kado tèt bay Papa l pou nou menm ka sove. Nan kominye nou kominye nan Kò ak San nou vle ofri fè kado tèt nou bay Bondye Papa ak frè nou yo. Bay Seza, sa k pou Seza; men bay Bondye sa k pou Bondye. 

An fen, tout se pou Bondye pa vre?  "Bondye O! Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo.  Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen."    

Add your comments

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply