By Archbishop Thomas Wenski - The Archdiocese of Miami
Archbishop Thomas Wenski preached this homily at Our Lady of Grace in Palm Bay (Diocese of Orlando) to the Haitian community on the Feast of the Exaltation of the Holy Cross, Sunday, Sept. 14, 2025.
Bon, Pè Vilè te envite m vin selebre lamès ansanm avèk nou tout. Jou ale, jou vini… Depi 20 an y ap chante lamès an kreyòl, lang tout ayisyen yo pale, isit nan Palm Bay. Bon fèt, tout moun! Epi, jodi a, se 14 Septanm, epi dat enpòtan pou 2 lòt rezon. Jodi a, se fete n ap fete egzaltasyon sent Kwa a. Kwa a se zouti delivrans nou, nan mouri Jezi mouri sou lakwa, li kraze lanmò, li ban n espwa leve n a leve byen vivan avè l. Nou abiye an wouj pou n sonje san Jezi ki koule a, epi pou n sonje difè Lespri Sen Jezi ban n apre li leve byen vivan sot nan lamò. Epi, 14 Septanm lan se anivèsè nesans Pap Leyon XIV. Jodi a se fete l ap fete 70 rekòt kafe. Bon fèt, Pap Leyon. Mwen konnen mwen koumanse granmoun lè pap la pi jen pase m. Ay yay yay.
Nan savan dezole a, jan nou tande nan premye moso Labib, pèp la kòmanse about anba redi vwayaje, redi travay. Yo bougonen kont Bondye ki fè li voye sèpan ki mòde-boule nan pèp la. Yo malad, y ap mouri. Finalman, yo rekonet yo fè peche, yo mande Moyiz priyè sou yo pou l wete sèpan yo. Bondye di Moyiz, fè yon sèpan nan kwiv, mete l kom yon sign, moun sèpan yo mòde, lè l gade l, l ap viv.
Nan moso levanjil la jodi a, Jezi di nou:
“Menm jan Moyiz te leve sepan an nan dezè a, konsa tou yo gen pou leve Pitit moun nan, pou tout moun ki kwè nan li pa pèri, men pou yo gen lavi tout tan an”. Tankou m te di, kwa a se te zouti delivrans nou. Menm jan pèp Israyel geri lè yo gade sèpan an kwiv, se konsa se Jezi yo koure sou kwa ki fè nou jwenn padon pou peche n yo, se lave nou lave nan san Kris ki fè nou pwòp. Nan mouri li mouri, li fè n kase tèt tounen vin jwenn Bondye, pou nou byen viv ansanm.
Konsa, moun ki mise lavi sou Bondye pap viv ak kè sote men pito kè poze.
Sa se yon bèl mesaj, sitou jodi a pou tan n ap viv yo. Lè n gade toutotou n, ki sa nou wè? Toupatou se kè sere, se kè sote, se kè kase. Menm Ayiti cheri tounen Ayiti chire. Mezanmi, genyen ki ta, se yon koulèv 7 tèt ki mòde boule pèp ayisyen an.
Sent Terèz d’Avila te kompoze yon bèl poyesi nan Lang panyòl.“Nada te turbe, nade te espante, Òuien a Dios tiene, nada le falta”
Ki vle di:
Pa kite anyen deranje w, pa gen anyen ki ka fè w pè.
Moun ki gen Bondye pap manke anyen. Se Bondye sèl ki ase.Moun ki gen Bondye pa manke anyen. Se Bonde ki ban n rezon pou n viv. San Bondye nou pa konnen kote nou prale a, ni ki moun nou ye. Depi nou gen Bondye, nou gen espwa. Epi, si nou espwa, n a kapab sipòte nenpòt sitiyasyon, nenpòt ki sikonstans n ap viv la.
Konsa, moun ki mise lavi sou Bondye pap viv ak kè sote men pito kè poze. Men, fò mete konviksyon sa a byen fon nan kè nou chak: Wi, Jezi pwomèt nou n a viv nan belte a, men, wout belte a, wout laglwa,Jezi pwomèt nou pase pase chemen lakwa.
Mwen kwè tout moun sonje chan sa a; Rèdi, rèdi, lavi a pa fasil, zanmi, pa pè, gran frè ou la.
Rèdi… nap konba ak espwa…se konsa n a rive lakay Papa nou.
Genyen kèk pastè, nou wè yo souvan nan televizyon, oubyen nou tande yo nan radyo. Y ap preche yon fo levanjil – nou met rele l: levanjil pwosperite a. Sa vle di, yo kwè depi ou mache kotakot ak Jezi, ou pap janm ap malad, ou pap janm ap manke lajan, ou pap janm ap nan difikilte, ou ap viv alèz kou Blèz nan chèz pinèz . Epi, yo di w, si ou malad, si w pòv, sa se prèv ou pa gen bon relasyon ak Jezi. Y ap preche yon relijyon “grate do m, m a grate do w.” Jan m te di, sa se yon fo levanjil y ap preche.
Men, bò kote nou menm, fok nou preche Jezi yo sakrifye a, Jezi yo kloure l sou kwa a. Wi, Jezi pwomèt nou laglwa. Men, frè m ak sè m yo, li toujou di nou: wout laglwa pase pa chemen lakwa.
Jezi vini sou tè a pou sove nou anba pouvwa Satan, peche a ak lanmò. Adan ak Ev pèdi paradi nan fè peche. Ki kalite peche yo te fè? Yo te vle samble Bondye, men san Bondye. Yo pito viv pou tèt yo pase pou yo viv pou Bondye. Epi, se sak fè, se vyolans, se lagè, se divizyon nou wè toutotou n, paske chak moun ap viv pou tèt yo ase. Jezi vini pou sove nou, li jwenn tè a tèt anba epi li vle mete l anfòm pou li aprann nou pa viv pou tèt nou ase, men pou n viv pou Bondye ak pou frè n ak sè n yo.
Si w ap viv pou Bondye epi tout lòt moun yo ap viv pou tèt pa yo, pral gen divizyon. Wi, Jezi vini – epi li vini ap fè volonte Papa l, epi si l ap viv pou Bondye tandiske tout lòt moun ap viv pou tèt yo, pral gen konfli, pral gen divizyon.
Kwa a divize…kwa a divize tout moun ak tout bagay.
Frè ak sè m yo, li enpòtan pou nou rekonèt Jezi nou kontre nan levanjil la pa menm ak swadizan Jezi anpil moun di y ap swiv. Yo vle swiv yon Jeziki pa mande anyen, ki pa janm konn fè n repwòch, ki konn aksepte tout moun ak tout jan yo.
Men, Jezi tout bon vre a, sila a nou jwenn nan levanjil la, Jezi Legliz Katolik ap preche se yon Jezi ki egzijan. Si li te reyèlman aksepte tout bagay, si li te konn toleran nan tout bagay ak anvè tout moun, èske w panse li ta fini touye sou yon kwa?
Yon fason oswa yon lòt, viv kom yon patizan Jezi Kri gen yon pri. Swiv Jezi pa janm fasil - paske Jezi mennen nou nan chemen etwat la, pa nan "yon wout ki fasil".
Si nou vle rete fidèl ak Kris la ak ansèyman li yo, nou pral oblije naje kont kouran an, jan Pap Franswa te konn konn di a – epi kouran an gen fòs, li ka pote nou ale si n pa fè antansyon, Si n pa konsekan ak angajman n yo.
Moun ki mise lavi sou Bondye pap viv ak kè sote men pito kè poze.
Jezi avèti pwòp patizan li yo, yo dwe fè fas ak vrè konfli Levanjil la pral pote san dout. Kanpe pou yon bagay – vle pa vle -vle di kanpe kont anpil lòt bagay. Jan pwovèb la di: chen gen 4 pat men se yon sèl chemen li ka pran. E jan Jezi sijere, lè liy yo trase ka gen anpil figi abitye sou bò opoze a.
Fò mwen tounen site Sent Terèz d’Avila, yon fwa, li tap voyaje a cheval, epi sou wout la, li tap travèse yon ti rivyè, Chwal glise tonbe epi Sent Terèz mouye tramp nan lariyè. Li vèkse, li louvri je nan dirèksyon syèl la, li souke pwen li, epi li di: Jezikri, èske se konsa ou trete zanmi w yo? M pa etone ou pa gen anpil”.
Men frè ak sè m yo, si tout bagay, tèt anba; fè n viv ak tèt anwo, tankou zanmi Jezi. Moun kap tèt anba, ka viv ansanm, men y a viv ansanm nan kè sere ak sote. Men, moun ki mise lavi sou Bondye pap viv ak kè sote men pito kè poze. Y ap viv byen ansanm,
Wout laglwa leve byen vivan pase pa chemen lakwa.