Article Published

Article_wenski-homily-notre-dame-haiti-new-year-2019

Homilies | Tuesday, January 01, 2019

Espwa fè viv, se vre wi

Archbishop Wenski's New Year's Day homily at Notre Dame d'Haiti

Archbishop Thomas Wenski preached this homily as the New Year began, at midnight Mass Jan. 1, 2019, at Notre Dame d’Haiti Church in Miami. Jan. 1 is Haitian Independence Day.

Onè respè pou nou tout k ap fete, jounen jodi a, 215 zan depi zanzèt nou yo te trase yon vèvè libète ak endepandans nan etabli yo tap etabli premyè repiblik nèg nwè sou latè beni.

Menm mwen menm, mwen santi m fyè deske mwen kapab fete ansanm avek ak fre ak se ayiysen mwen yo. Moun ki konnen a sonje nan lit sa zanset nou yo tap mennen pou yo ta gen dwa rele tèt yo chèmèt chèmètres ti peyi sa yo rele Ayiti Toma te gen kèk solda polone ki fè kòz ak nèg nwè yo pou yo kole zepol yo kont kolòn franse yo. Konsa, menmsi nou we m se yon blan, nou konnen se blan polone mwen ye. M pa blan franse. 

Pwovèb la di: espwa fè viv. Jodia, fo nou di Bondye mèsi pou san vayan sa a ki koule nan venn tout ayisyen konsekan yo. Ayisyen yo resistan. Nan konba lavi nou pap bay legen. Mwen konnen nou wè sa chak fwa nou rive mete pye nan peyi kote kò lobrit tère. Nou wè lamizè a, nou wè lavichè a, nou pakèt tèt chaje pèp ap pase, Epi, malgre tout gagòt sa yo, tout pèp la toujou ap chache tout mwayen pou li degaje l, pou li bat dlo pou l fè tounen bè. 

Redi, redi, lavi a pa fasil, zanmi
Pa pè, a pè, gran frè ou la (bis)

Pran pasyans, zanmi: pa dekouraje
Pran kiouray paske moun k ap kouri bouke
Tande frè, moun k ap mache, rive kanmenm
Frè mize, men pote bon komisyon

Se pa sa ou ye ki konte, zanmi
Men se sao u kapab ye demen ki bon
Fè jefò Bondye la pou ba ou konkouo
Pran pasyon, zanmi, pa dekouraje

Menm si wout la plen pikan, move pa
Reprann wout la, zanmi, pa okipe sa
Gason pa rete, touse pye oou, mache,
Pran pasyans, zanmi, pa dekouraje.

Wi, Ayisyen yo resistan! San sa ki te koule nan ven Desalin ak solda yo, toujou ap koule nan ven ayisyen yo k ap viv nan syèk sa a. Nou ka wè sa an Ayiti; nou wè sa isit nan Miyami depi ayisyen te kòmanse rive nan bouk sa nan ane 70 yo. Epi, mwen wè sa nan peyi Chile. Dimanch apre jou kodenn lan, mwen ale Santiago, kapital peyi Chile kote nan denye 2, 3 zan plis pase 100,000 debake. M pa di, yo jwenn yon lavi dous – m ta di se tankou sa te ye isit Miyami nan ane 80 yo: Yo jiskom: yo gen pou yo aprann pale panyòl, y ap chache ti djòb. Pa fwa, Santiago ka fè frèt tankou Nou Yòk. Mwen fè mès pou yo, mwen pote kèk liv chan, ti liv priyè; m bay pè chile yo yon ti leson pou yo ka fè mès an kreyòl. Epi, gen yon pè ayisyen Ansavo Monsenyè Dumas voye pou akompaye yo. Si Miyami se kapital dizyèm depatman; Santiago se kapital onzyèm depatman an.

Wi, Gagòt adwat agòch, Ayisyen toujou vivan. Malgre tout fò pwomès, tout move pa, tout tray ak mizè Ayiti pase nan istwa li, Ayiti toujou vivan. Ayiti ap rete vivan toutotan pitit li yo, kelkeswa kote yo ye a, gen espwa demen ka miyò, toutotan pitit li yo ap aprann apresye gen reyon limyè espwa kap klere menm nan mitan fenwa tout sitiyasyon malouk sa yo ki ta renmen dekouraje n.

Nan istwa chak peyi nou wè gen limyè, epi gen lonbraj tou. Anpil fwa, nou konsantre twòp sou lonbraj yo (ki kote kòb petro karibe a ye?)– ki fè pa we reyon limyè yo. Men, se fèt gen limyè a, ki fe nou rekonèt sa ki lonbraj. Sa vle di, tou sa nou rele lonbraj, kit se enjistis, kit se insekirite, kit se koripsyon an, kit se laviche. Tou sa nou rekonèt li kom lonbraj poutèt eksperyans limyè a ki vle klere nou. Konsa, menmsi fèt yo volè kòb petro karibe a mete peyi anba lonbraj koripsyon an, jèfò sosyete sivil pou reklame lajan sa a se yon limyè – yo plimen poul la, men yo pa ka anpeche l rele ankò.

Sa m vle di. nou tout nou konnen sa peyi a ap viv la pa nòmal - Ayiti pa yon peyi nòmal. Paske li pa nòmal pou moun Bondye kreye potrè avè l viv nan kondisyon konsa. Li pa nòmal pou sitwayen yon peyi viv san dlo potab, san lekòl pou pitit yo, san lopital pou malad li yo. Li pa nòmal pou ayisyen bliye viv aletranje paske yo bliye viv kom etranje nan pwòp peyi natif natal yo.

Men, konsyans diyite nou kom moun se yon limyè k ap klere nou. Konviksyon tout moun se moun, tout moun gen dwa se yon reyon espwa ka fini ap gaye lonbraj yo. Se konsyans sa a, se te konviksyon sa a ki te fè zanzèt yo pa aksepte mèt bèk atè devan sitiyasyon esklavaj la; se menm konsyans sa a, menm konviksyon sa ki pou klere wout la pou nou kit nou Ayiti, kit nou Miyami, kit nou Chile pou nou menm bò kote pa nou, pou nou pa resenyen devan sitiyasyon peyi ap konfronte jounen jodi a. Se limyè espwa ki chita sou yon lafwa solid sa, ka gide nou nan jefò n ap fè pou nou montre nou konsekan devan defi syek sa.

Espwa fè viv, se vre wi. Men, espwa gen yon non: se Jezi Kri. Se li menm ki gran frè nou ki fè nou pa pè, nou pa dekouraje etan n ap redi ak lavi a.

Pi ta n a bwè soup la, soup joumou a. Se bèl jès solidarite. Soup joumou a se tankou yon bon jan remèd, pi bon pase remèd doktè fèy yo konn bay. N a bwè n ap bwè soup la pou ni kò nou, ni lespri nou reprann fòs. Se yon soup epè, li chaje ak divès kalite legim ak vyann. Fò pa manke ni youn nan engredyan yo ki ba l gou.

Bwè soup la premye janvye a se komsi yon pwomès nou fè nan kòmansman yon nouvo ane a: yon pwomès pou nou viv an solidarite youn ak lòt. Pwomès se dèt, se yon angajman pou nou goumen pou tout frè ak sè nou yo viv nan libète, nan fratènite ak nan egalite. Peyi a pa nòmal, li bezwen ranje – men, nou pa ka ranje l san nou pa viv lib, san nou pa viv an frè ak sè, san nou pa rekonnèt tout moun se moun e yo tout gen moun dwa viv lib epi an pè.

Konsa, tankou m te di, espwa n gen yon non: se Jezi Kri. Redi, redi, lavi a pa fasil, zanmi. Pa pè, pa pè, gran frè ou la.

Comments from readers

Marjorie Austin - 01/02/2019 10:18 PM
In my opinion I think this message from archbishop Thomas wenski is well said. But I also feel that the priests in the Haitian community should have a little more training in psychology so to help that community. Because the division in every level is eating the community up from inside out, and it involves both the Haitians living in Haiti as well as the the one in the states. We are afraid of each other, no trust, they are in dire needs of psychological help before we destroyed ourselves. Someone to teach the community that they can disagree without being disagreeable. And work on changing the thought process of destroying the other person because ..., So Most Reverend wenski I am begging you to look into this if you're so desire to help that community, which I believe you have a love for.

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply