Article Published

Article_wenski-homiily-notre-dame-dhaiti-jericho-2019

Homilies | Saturday, October 26, 2019

Ak ki lespri nou konn fè lapriyè?

Archbishop Wenski's homily at Notre Dame d'Haiti on last night of Jericho

Archbishop Thomas Wenski preached this homily Oct. 26, 2019, during the Saturday vigil Mass at Notre Dame d’Haiti Church in Miami, at the conclusion of the annual Jericho event, a seven-night spiritual experience that lures thousands to the parish every October.  After Mass people walk around church grounds like Israelites asking God to tear down the walls of Jericho.

Koze mande chita...

Ak ki lespri nou konn fè lapriyè? Ak Lespri Farizyen an? Oubyen, ak lespri Pibliken an? Repons la enpòtan, paske nou lapriyè jan nou viv; epi, nou viv jan nou lapriyè.

Gen moun lè y ap lapriyè, se non sèlman tou sa yo fè ki bon yo di, men yo profite tou pou yo avili lòt yo antan yo fè konparezon avèk pwòp tèt pa yo. Tout defò yo nan boutèy nwa, defò lòt yo nan boutèy blan.

Se komsi, yo konprann se yon chèk y al tire labank sou manman lajan an yo te depoze nan biwo Bondye a. Se komsi sa yo mande l la, li dwe yo li.

Nan pawabòl Jezi a, fariysen an mèt tou sa konnen deyò pou l fè Bondye wè li gen dwa mande sa l mande a, epi, Bondye dwe ba li l. Se konsa, farizyen an tap lapriyè, nan ti pawabòl Jezi rankonte n. Li gonfle kò l, lespri li arogan.

Li konprann Bondye renmen l paske li bon moun; men, li bliye Bondye renmen tout moun, kit yo bon, kit yo pa bon. Epi, li manke konprann si l fè sa k bon, se pa yon rezon pou l gonfle tèt li, paske si nou reyisi fè byen, pou n fè sa ki bon, malgre tout move tandans nou yo, se poutèt favè Bondye k ap travay nan nou.

Konsa, lapriyè tankou farisyen te fè a pap monte kòt Bondye, li pap penetre nyaj yo dapre sa liv Sirasid la di a (nan premye moso labib la).

Si n gade byen, farizyen pran pòz komsi l ap pale ak Bondye; men, an verite, li pale tèt pa l – epi l al pale fò pou lòt yo tande l. Li kanpe -pa pou Bondye wè l, men pou l fè lòt yo wè l. Tandiske, pibliken an te fè kò l piti pou l lapriyè. Epi, paske arongans la pa gonfle l, te gen plas pou Bondye antre nan kè l, pou l chanje lavi li. Kom Sirasid di nou nan premye moso labib: Granmèt la pap vire do ba li.

Jan nou wè nan pawabòl la,– apre yo te fin lapriyè – yo toulede tounen lakay yo – men, se sèlman youn sèl ki tounen lakay an règ ak Bondye. Se te pibliken an.

Se konsa nou dwe lapriyè, tankou pòv pibliken an ki pa menm leve je l anlè. Li, bloti ti kò l atè a, pou l rekonèt se pòv pechè li ye, se sou kont Bondye li ye, pou l mande l pran pitye pou li.

Santiman sa a nou jwenn li nan Sòm 131:

“Granmèt mwen kè mwen byen dosil
Mwen tou senp kon yon ti bebe
Ki poze sou bra manman l
Granmèt mwen kè mwen pa gonfle
Pretansyon pa fè m leve zye m
Mwen pa pran chemen grandè
Ni mèvèy k ap depase m."

Gade sou egzanp Mari Manman nou. Jan nou konn chante nan Magnifikat li: Bondye voye je l sou Sevant li ki tou piti a, li leve sa ki pòv la anlè epi li fè moun ki gen gwo lide nan tèt yo gaye.

Yon pòv rele, Granmèt la koute l, paske li tou pre moun ki gen kè yo kraze. Se pou Manman Mari, lapriyè pou nou menm, pòv pechè, pou nou aprann fè kò n piti, se konsa, n a tounen viv byen ak Granmèt la. Epi, se sa menm Bondye fè pou nou lè nou proche kote l nan sakreman lapenitans. Si n rabese tèt nou tankou pibliken an te fè, n a jwenn padon. N a tounen byen ak Bondye; sa vle di, nou menm tou nan vin an règ ak Bondye.

Ak ki lespri nou konn fè lapriyè? Ak Lespri Farizyen an? Oubyen, ak lespri Pibliken an? Jan mwen te di a, repons la enpòtan, Sonje sa byen: nou lapriyè jan nou viv; epi, nou viv jan nou lapriyè.

Si n viv ak menm lide, ak menm santiman pibliken an te genyen, Bondye ap fè tout miray tonbe pou nou, menm jan li te fè pou pèp Izrayèl la lè l te kraze miray Jeriko a. 

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply