Article Published

Article_miami-wenski-creole-mass-baptism-of-Jesus

Homilies | Sunday, January 13, 2019

Bondye la ak pèp la, li la nan soufrans li

Archbishop Wenski's Creole homily on feast of baptism of the Lord

Archbishop Thomas Wenski preached this homily during the 8 a.m. Creole Mass at St. Mary Cathedral, Sunday, Jan. 13, 2019, feast of the baptism of the Lord.

Yè, sete nevyèm anivèsè “goudougoudou” an, trambleman tè a ki frape Ayiti Janvye 2010. Konsa, Jodi a, fò pa bliye leve priyè n yo anlè pou frè ak sè nou yo ki te mouri, pou sila yo ki blese ak pou tout fanmiy yo ki toujou sonje victim ak anpil dlo nan je.

Yo di m. kèk jou apre trambleman tè a, yon jounalis tap mache gade tout dega nan zon Pòtoprens, epi li rive devan legliz Sakre Kè, Tijou. Legliz te tonbe rat è, sèl bagay kit e rete se te yon ki ti gwòt bò kote legliz la epi anndedan yon krisifi. Se krisifi a sèl ki rete entak. Jounalis la di: kote Bondye te ye? Epi, yon ti gran moun tande l epi li di: Men li. Mouche pat konprann sa granmoun t ap di l. Men, granmoun ensiste ankò, men li. Epi, jounalis la konprann madam nan ap pale de krisifi a ki te rete entak nan tout debri.

Ti granmoun sa te pi save pase anpil gwo teyoliyen. Kote Bondye? Men li, sou kwa a. Sa vle di, Bondye la ak pèp la, li la nan soufrans li. Nan Jezi Kri, Pawòl la tounen yon moun menm jan ak nou nan tout bagay sòf peche li pa te konn fè. Pawòl Bondye a pran chè nou pou li pataje kondisyon moun nou tout jan ak tout fason. Konsa, Jodi a, nou wè nan Levanjil la, Jezi aksepte pou Jan batize nan rivyè Jouden an. Li pa te bezwen batize nan men Jan paske li pa fè peche; men, li batize pou li solidè ak ras lezòm.

Lavi piblik Jezi a ankadre ant 2 batèm: batèm li resevwa nan men Jan Batis la nan larivyè Jouden an, se youn; epi, batèm lanmò li la sou mòn Kalvè a, se lòt la. Batèm Jan Batis la, se tankou yon sign l ap aksepte batèm lanmò lè yo tapral koure l sou yon kwa.

Syèl chire lè Jan Batis ap batize l la. Lè l mouri a, se vwal Kay Sakre ki chire. Lè Jan Batis batize l la, yon vwa sòt nan syèl la, li di: Sa se Piit mwen renmen an. Lè l mouri a se yon solda women an ki t ap siveye l la ki declare: Reyèlman vre,, sila a se Pitit Bondye a.

Konsa, Jodi a, sou bò Jouden an, pou l kòmanse misyon li, Jezi batize, pou l montre desizyon li pou l swiv plan Papa l te trase davans pou li a: epi sa sa ye? Ki misyon li genyen? Se kondi Pèp li a nan vre peyi kit e pwomèt kla, antan li pase avè l nan lanmò a pou l travèse al nan lavi nèt ale a nan leve li leve byen vivan an.

Konsa, fèt batèm Jezi a se tankou yon lòt epifani, yon lòt revelasyon an. Tankou vizit rwa maj yo fè n konprann Jezi se Mezi a pa sèlman pou jwif yo men pou tout nasyon yo, Batèm Jezi a fè konprann pi byen kilès Jezi ye – se Pitit Bondye Papa renmen anpil la. Fèt jod a, fè n konprann pi byen idantite Jezi a: kilès li ye ak pou kilès li ye. Men, an menm tan, paske Batèm Jezi prepare pou batèm pa nou, se batòm nou resevwa onon Papa a ak Pitit la ak Lespri Sen an ki ban nou yon nouvo idantite. Nan mouri nou mouri ansanm ak Jezi nan dlo batèm lan, nou tounen pitit adoptif Bondye gras a Jezi, ki sèl Pitit Papa a. Fèt Jezi aksepte desann nan dlo bay dlo pouvwa pròpte nou, pou nou fèt yon deyèm fwa. Nou se Pitit Bondye, gras a gran frè, Jezi. Epi, si Jezi se gran frè nou, nou tout, nou se frè ak sè nan li.

Konsa, menm jan Jezi montre li solidè ak pechè yo, nou menm bò kote pa nou fò nou fòme yon chenn solidarite pou nou travay sosye Jezi Kri pou simaye kè poze li bay tout moun, sitou sila yo ki nan mizè, k ap soufri. Lè moun yo mande lè yo wè yon moun k ap soufri, kote Bondye? Fò yo kapab wè li nan sa nou menm n ap fè pou soulaje l. Bondye ap konte sou nou, l ap konte sou legliz li a, pou nou montre sa k ap soufri yo, Bondye pa bliye yo, Bondye pa lage yo. Se pa sa Jezi te vle di, lè l te di: Ala chans pou moun sa yo kap travay pou moun viv nan kè poze, y a rele yo Pitit Bondye.

Fò nou rekonèt idantite nou kom katolik batize – epi,fò n sonje kiles nou ye epi pou kilès nou ye pou nou viv dapre angajman batèm nou nan tout sikonstans lavi a.

Jodia, se fete n ap fete yon lòt epifani. Jan Batis te prepare wout la pou Jezi; li anonse l lè l rive. Men, Mouton Bondye an! Mouton yo pral sakrifye sou mòn Kalvè a. Men, Mouton Bondye a ki wete peche sou tè a, Jan Batis di nou.

Fò nou reponn: Aprann nou byen viv ansanm.

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply