Article Published

Article_archdiocese-of-miami-wenski-homily-kiles-pel-sa-a-ki-gen-anpil-vale-vre

Homilies | Sunday, July 26, 2020

Kilès pèl sa a ki gen anpil valè vre

Archbishop Wenski's homily for 17th Sunday in Ordinary Time

Archbishop Thomas Wenski preached this homily on the 17th Sunday of Ordinary Time, July 26, 2020, at St. Mary Cathedral.

Nan peyi d’Ayiti, tout moun konnen ka gen yon ja lajan kache nan lakou yo. Yo reve dòmi pòv, leve rich. Konsa nou byen konprann poukisa yon moun – si li jwenn yon trezo ki kache anba tè ta vann tou sa l genyen pou achte tè a. Menm jan pou komèsan ki twouve yon bijou ki gen anpil valè pou li ta riske tout byen l yo pou achte l.

Nou ta fè menm jan pa vre? Men, pawabòl Jezi rankonte nou nan moso levanjil pou jodi a mande chita. Li vle pou nou reflechi byen reflechi: ki sa ta yon ja lajan pou nou menm jounen jodi a? Kilès pèl sa a ki gen anpil valè vre.

Pou Jezi, ja lajan an se peyi rwa ki nan syèl. Pèl ki gen anpil valè se pwomès lavi nèt ale Bon Nouvèl Jezi Kri a pwomèt. Menm jan, moun nan achte tè a pou l ka jwenn trezo ki kache a, menm jan komèsan an vann tou sa l genyen pou achte pèl la, se konsa yon patizan Jezi Kri dwe riske tout byen l yo, tou sa l genyen, tou sa l ye pou posede peyi rwa syèl, pou eritye pwomès lavi nèt ale a.

Jan Jezi di yon lòt kote: Se kote trezo nou ye se la kè ou ye. Sa nou konsidere yon trezo vo pou nou riske lavi nou. Se konsa, nou wè moun ki dakò vann prestij yo pou sa yo konprann se yon trezo. Lè trezò nou se richès, se grandè, se pouvwa oubyen lavi long nou wè nou kapab fè nenpòt bagay pou nou trezò sa a. Epi, anpil fwa, sa rive sa nou te konprann gen valè konn bay desepsyon.

Pou nou distinge sa k yon vre trezo ak sa ki sèlman yon chat nan sak, fò nou saj. Konsa, nan premye moso labib la, nou kontre ak rwa Salomon, pitit David la. Lè Bondye di l mande m sa ou vle pou m ba w, Salomon reponn li, “Ou a bay sèvitè ou la ou ke ki dosil, pou l kapab jije pèp ou a, pou l fè difèrans ant byen ak mal.” Sa vle di, li mande Bondye sajès, bon konprann.

Se sa fè lii jwenn favè Bondye a paske lè Bondye mande l sa li vle, li pa mande ni lavi long, ni richès, ni lanmò lenmi l yo, li mande sajès pou li ka konprann jijman. Bondye kontan ba li yon kè ki plen sajès ak entelijans, epi apre, ll ba li richès ak grandè kom degi.

Sa Apòt Pòl di nou nan dezyèm moso Labib la, se vre: “…pou moun yo Bondye renmen yo, tout bagay sèvi pou byen yo, yo menm li te rele pou yo vin sen.”

Pèl ki gen valè - bijou sipèryè sa bèl anpil -se peyi rwa syèl la…Pèl ki gen anpil valè vre, ki merite nou riske tou sa n genyen pou noou genyen l, se pa richès, se pa lonè, se pa yon gwo repitasyon, se Jezi Kri.

Mwen ta di, pawòl Bondye nou tande Jodi a se tankou yon sewòm pou ban n fòs, pou ban n ankourajman nan moman difisil sa yo nan viv. Kè n boulvese, kè n twouble. Koranaviris deranje n: tout bagay samble tèt anba. Anvan nou te konprann yon moun maske se te yon malfèktè, yon sansavè; jodi a, se moun ki mete mask li se moun seryè, moun k ap chache byen frè l ak sè l yo. Jounen Jodi a, sèvi ak mask la, kenbe distans nou epi lave men nou souvan se bagay ki saj.

Nou pa konnen kote tou sa ap rive. Men, sonje sa Pòl di nou: pou moun yo Bondye renmen yo, tout bagay sèvi pou byen yo, yo menm li ter ele pou yo vin sen. Konsa, menm si koranavirus ap fatige nou -epi se pa sèlman korana k ap fatige n, fò nou ajoute pwoblem ekonomik la, ak boulvès nou wè nan sosyete a k ap trouble m.

Men, malgre tout, fòk nou pa pèdi ekilib nou kom patizan Jezi Kri – tankou Pòl di nou, pou moun yo Bondye renmen yo, tout bagay sèvi pouo byn yo, yo menm li te rele pou yo vin sen.

Koranavirus pa zanmi nou; men, ak sajès Bondye ban nou nou ka pase eprèv sa a san nou pa pèdi lafwa, sa nou pa bliye Jezikri, Pitit Bondye ki tounen moun menm jan ak nou, se espwa nou. Lè nou chance kon prann evenman n ap pase yo ak Bon Konprann Bondye ban nou – si nou mande l ak ensistans, n a kapab fè fas ak nenpòt sitiyasion.

Wi, frè m ak sè m yo, menm nan mitan pandemik sa a, fò n sonje ki sa vre trezo ye, oubyen kilès li ye: se Jezi paske se nan li nou antre nan peyi rwa syèl pou nou jwi lavi nèt ale a.

Konsa, pawòl Bondye nou tande jodi a mande n pou nou saj, pou nou mete entère nou kote gen valè vre.

Fo nou fè tankou Salomone pi lapriyè Bondye mande yon kè dosil, avèk lafwa, san nou pa fè tankou mouvman vag lamè yo k apmonte desann, k ap woule de bò, k ap fè adwat agòch, k ap bwate ak de jarèt.

Vre Sajès la, vre bon konprann, fè n kè poze, li fè konnen li vo lapenn pou nou riske lavi nou nan swiv Jezi Kri, paske se nan li nou jwenn vre ja lajan – lavi nèt ale a; li merite pou nou fè l konfyans menm lè nou poko wè klè, paske se li ki pèl ki gen anpil valè.

Jezi di nou: chache rwayòm Bondye ak jistis li a, tout rès la, ya ban nou l an plis.

ala chans pou moun ki pòv yo. Paske, si n dòmi pòv, ak lespri tou piti, nan Jezi nan leve rich nan lagras ak favè Bondye.

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply