Article Published

Article_archdiocese-of-miami-wenski-homily-jericho-2021-notre-dame-dhaiti

Homilies | Saturday, October 23, 2021

Ki sa nou vle Jezi fè pou nou – pou yon lavi miyò?

Omeli Achevèk Wenski nan mès final la pou yon semèn Jeriko

Achevèk Thomas Wenski te preche omeli sa a nan mès final la pou yon semèn Jeriko nan Misyon Notre Dame d'Haiti, Miami, 23 oktòb 2021.

Nan moso levanjil pou jounen jodi a, nou kontre ak Jezi k ap soti lavil Jeriko. Epi, gen yon msye yo rele Bartime. Se te pitit Time a. Li tande Jezi ap pase epi li pran rele: Jezi, Pitit David la, gen pitye pou mwen. Nou menm tou, pandan tout semenn lan, nou tap di menm bagay. Jezi, gen pitye pou nou. Gen pitye pou nou paske nou nan ka. Peyi nou tèt anba. Nou pa ka wè kote n ap rive. Se gagòt sou gagòt. Lamizè pi rèd, lavi a pi chè, insekirite a pi mal.

Genyen nan foul la k ap repwoche Bartime. Yo vle l pou li pè bouch li. Li refize. Li rele pi rèd toujou: Jezi, Pitit David la, gen pitye pou nou.

Jezi tande rèl li. Li rele l vin bò kote. Koulye a, foul la chanje pawol li. Pase pou yo di: pe bouch w, yo di l: Pran kouraj. L ap rele w. Li voye manto l jete, li voltije vin jwenn Jezi. Epi, Jezi mande l: Sa ou vle m fè pou w?

Se pa premye fwa Jezi ap poze kesyon sa bay yon moun. Se menm kesyon li te poze bay Jak ak Jan. Sonje, yo menm yo tap mande Jezi fè yo yon favè lw l te mande yo sa yo vle. Yo te mande pou yo chita youn a dwat li, lòt la ak agòch li, lè l ta rive nan rwayom li. Yo te deyè pouvwa. Yo te vle Jezi fè yo vin gwo nèg. Jezi pa te bay yo sa yo te mande. Li jis di yo: swiv li. Li te wout Jerizalèm, wout sa a ki tap Mennen nan Kalvè kote li te gen pou soufri, mouri, epi lè fini leve byen vivan sòt nan lanmò a.

Men, lè Jezi mande Bartime sa l te vle, Pitt Time a ba l yon repons pi senp – men, pètèt sa l mande a te pi difícil. Mèt, fè m wè. Ale, lafwa w sove w. Menm lè a, li wè; epi li swiv li sou wout la.

Bartime nan rele li rele Jezi Pitit David la montre li rekonnèt Jezi kom Mesi a, kom Kris la. Se lafwa sa a ki te fè wè klè, se lafwa sa a ki sove.

Jak ak Jan, bò kote pa yo, yo te swiv Jezi sou wout la. Menm jan pou lòt apòt yo. Men, petèt nan pami tout patizan Jezi yo, se Bartime sèl ki tap swiv Jezi ak 2 je louvri byen louvre. Se sèlman apre Jezi leve byen vivan lot yo rive wè klè tankou Bartime wè.

Ki sa nou vle pou m fè pou nou! Kesyon sa enpòtan pou nou chak. Li enpòtan anpil – fò reflechi byen reflechi sou kesyon sa a. Lòtrèman, nou ka swiv Jezi pou move rezon yo.

Sonje ki jan apre li te fin bay foul moun yo manje vant plen – nan miltiplikasyon pen yo ak pwason yo. Jezi repwoche yo – pa paske yo t ap swiv li, men paske yo te swiv li pou move rezon yo, Menm jan sa te rive nan epòk sa, jounen jodi a, souvan nou wè moun yo ap chache Kris la pou yon move rezon.

Mwen sonje yon fwa, yon moun di m: lapriyè sou tèt mwen, pou Bondye voye Lespri Sen sou mwen, paske tèt mwen fè mal. Mwen di l: Gade si w gen yon tèt fè mal,pran yon Tylenot. Jezi pap ba w Lespri Sen an pou geri tèt fè mal. Si li ba w Lespri Sen an se pou w ka tounen temwen li. Epi, sitou nan jan bagay yo ye, jounen jodi a, sèvi Jezi temwen ka ba w tèt fè mal.

Gade byen, apre Jezi te bay foul moun yo manje vant plen, yo swiv li, paske yo te vle manje gratis. Jak ak Jan, yo menm (omwen nan kòmansman an, yo te swiv li paske yo te deyè pouvwa.

Ki sa n ap chache nou menm nan men Jezi?. Eske n ap swiv li tankou Bartime pou nou ka wè ak lafwa sa ki ka sove n? Oubyen, n ap jis mande l pou nou genyen lotri a? Gade byen, konbyen moun ap cheche Jezi sèlman paske yo vle pou li ka fè byen pou yo nan lavi sa a. Men, se pa yon lafwa ki ka sove n. Lafwa ki sove se yon lafwa nan Jezi krisifye. Yon lafwa san lakwa pa ka sove yon moun. Si nou swiv Jezi paske se konsa nou kwè nan jwenn pouvwa, oubyen lajan oubyen lasante, n a kouri kite l kou yon kriz antre nan lavi nou. Epi, pandan nou sou tè sa a, pral toujou gen yon kris k ap parèt sou wout: li mèt yon malady, yon byen echèz nan travay nou oswa yon pwoblèm nan fanmi nou.

Bartime trase yon bon egzamp pou nou tout. Tèm pou denyè jou Jeriko sa a se “Ak konkou Granmèt la, an n leve kanpe pou nou bati yon demen miyò.

Bartime pa te ezite mande konkou Granmèt la. Gade yon bon modèl pou nou swiv. Foul la tap mande l fèmen bouch li. Men, li rele kote Granmèt la kanmen: gen pitye pou mwen. Lòt yo te vle fè pòt kè li pou lafwa pa antre; men, li menm li kenbe pòt louvri menm lè lòt moun yo te vle femen l pou li.

Bartime, pa twò fyè pou li pa mande pitye. Li ka yon bon modèl pou sila yo ki twò timid pou yo al konfese. Nan Bartime nou pa wè yon moun ki mete kondisyon sou Bondye. “M ap grate do w, si ou grate do pa m. Li kontan jwenn limyz lafwa ki fè wè pi klè ki wout li pran nan lavi a, menm si wout sa a ta mennen sou chemen lakwa anvan li antre nan laglwa byennèt Jezi pwomèt nou.

Pou nou bati yon demen miyò, fò n sòti nan fènwa a k ap avegle nou; fò nou mache dapre limye lafwa k ap klere wout la pou menmsi wout la ka toujou plen pikan. Wi, nan mitan gagòt agòch adwat, fò n konprann se jefò nan soufrans n a jwenn delivrans.

Bartime leve kanpe, li jete mantò li atè, li voltije al jwenn Jezi. Petèt manto sa a se te sèl byen Bartime te genyen, pou li jwenn Jezi ki te louvri pou li yon demen miyò nan fè li fè l wè klè. Epi, yon fwa li wè klè, li pat fè bak, li aksepte riske lavi l nan swiv li tap swiv Jezi. Li fè l ak je klè.

Ki sa nou vle mwen fè pou nou. Se keksyon sa a Jezi mande nou chak. Ki sa n a di? Eske se mande n ap mande pouvwa, richès oubyen yon lòt bagay. Mezanmi, pou nou leve, kanpe, se lafwa nou bezwen. Pou nou bati yon lavi miyò, sa k nesesè se kalite lafwa sa a ki te sove Bartime.

Ki sa nou vle Jezi fè pou nou – pou yon lavi miyò?

An n mande li limyè lafwa, an n mande l padon pou peche n yo, an n mande fòs Lespri Sen an pou nou ka toujou mache avèk Jezi kom zanmi li tout bon vre.

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply