Article Published

Article_Goute! N a w� kijan Granm�t la bon

Homilies | Sunday, August 23, 2015

Goute! N a we kijan Granmet la bon

Homily by Archbishop Wenski at Creole Sunday Mass

Homily by Archbishop Wenski at Creole Sunday Mass at St. Mary Cathedral. August 23, 2015. 

Depi kèk dimanch moso levanjil nou tap koute a soti nan levanjil dapre Jan chapit 6.  Nan chapit 6 sa a, Jezi tap pale gwo koze – l ap anonse n gwo kalite kado li fè nou nan Sakreman Kò ak San li. 

Nan moso levanjil nou fèk tande a, nou aprann anpil nan disip li yo lese kite l. Yo te di:  Pawòl sa yo rèd, ki moun ki kapab tande l.  Ki pawòl ki te rèd konsa?  Se lè l te di yo: “Chè m se manje tout bon vre a; San m, se bwason tout bon vre a.  Poutèt pawòl sa yo, “anpil nan disip li yo pati kite l, yo pa mache avèk li ankò.” 

Nou deklare nou kwè Jezi vivan nan losti – sa mande anpil lafwa pou nou kwè yon ti moso pen ka tounen kò Kris la tout bon vre.  Nou pa wè, men nou kwè – epi konsa, nou toujou ap mache ak Jezi.  Men, genyen katolik ki konprann yo mache ak Jezi, men an menm tan, nan fason yon pran lakominyon ala lejè nou mèt mande tèt nou eskè yo kwè tout vre losti se Jezi Kri. 

Mwen sonje, yo di m yon pwotèstan te di: “Si m te kwè sa nou menm katolik nou di kwè sou lakominyon, m pa ta vanse pou m pran losti a, sòf se sou vant mwen  mwen ta avanse.” 

M pa di pou nou fè sa a, men fò n chache mete nan kè nou plis konsyans sou sa n ap fè a chak fwa nou kominye – paske reyèlman vre, nou kominye pou Bondye ka viv nan nou epi pou nou ka viv nan Bondye. 

Men, jounen jodi a, mwen sipoze gen anpil lòt lansèyman Jezi yo ki ka pi rèd pase sa Jezi di nou sou Lekaristi a.  Si pawòl Jezi yo sou lekaristi a rèd, ale wè pou sa l di sou maryaj.  Sa pa rèd lè n tande sa Sen Pòl di n nan dezyèm moso labib:  “Menm jan Legliz la obeyi Kris la, se konsa tou pou medam yo obeyi mari yo nan tout bagay.”  Epi, sa pa rèd, lè n tande sa Pòl di mari yo: “…se pou nou renmen madanm nou, tankou Kris la te renmen Legliz la, epi li te renmèt tèt li pou li…Konsa mesye yo dwe renmen madanm yo tou, tankou kò yo.” 

Sa ki pi difisil?  Sa k pi rèd?  Kwè Manman Mari anfante ti Jezi san li pa janm an afè ak yon gason; oubyen kwè yon gason pa dwe an afè ak yon fi, yon fi ak yon gason toutotan yo pa marye?  Kanta pou gason an afè ak gason oubyen fi an afè ak fi, bliye sa nèt. 

Jezi di anpil pawòl ki rèd – epi, menm jan sa n tande nan moso levanjil, jounen Jodi a se pa 2 moun k ap di:  “Ki moun ki ka tande l?”  Pawòl Jezi ka choke nou. Yo ka deranje nou – tankou yon kouto 2 bò yo blese nou.  Men, si yo blese nou, se pa fè nou mal, men pou geri nou.  Tankou Pye di Jezi:  Ou gen pawòl lavi…lavi tout tan an. 

“Redi, redi, lavi a pa fasil, mezanmi”.  Mache ak Jezi pa fasil.  Lè n chache viv dapre egzijans Bon Nouvèl Jezi Kri a, sa pa vle di nou pa jwenn difikilte nan lavi a.  Satan pa vle lage nou fasil – l ap simaye dout, l ap mete antrav; l a fè sa l kapab pou nou pa mache ak Jezi.  Epi, si n tonbe, l ap chache fè konprann nou nan mal, nou nan mal nèt pou sa dekouraje nou pou nou pran repran wout lè n tonbe.  “Redi, redi, lavi a pa fasil, mezanmi.  Pa pè, pa pè, gran frè ou la.” 

Pawòl Jezi yo, rèd kou yo rèd, mete n devan yon chwa.  Gen moun ki ta vle pran yon gòm pou efase pawòl Jezi yo ki sanble two rèd.  Pawòl onetete – two rèd, yo pito efase l.  Pawòl fidelite nan maryaj two egzijan, yo pito efase l.   Men, tankou nou wè nan premyè moso labib, Jozye mande pèp Izrayèl la:  “Si nou konsidere sa mal pou nou sèvi Gramèt la, nou mèt chwazi:  jodi a menm chwazi sa nou pito, sa nou pi pito sèvi…kanta mwen menm ak kay mwen, n ap sèvi Granmèt la.”  Epi, pèp la reponn:  Se pou lide sa a rèt lwen nou, pou nou ta abandone Granmèt la pou nou ta sèvi dye etranje.  Konsa, se Granmèt la n ap sèvi, paske se li menm ki Bondye nou. 

Konsa tou, nan moso levanjil la, lè Jezi wè moun k ap kite l pou yo pa mache avè l, li gade douz apòt yo, epi li mande yo: “ Eskè nou menm tou, nou vle pati?”  Se Simon Pyè ki pran lapawòl pou yo tout, epi li di Jezi:  “Granmèt, kot kilès pou n ale? Ou gen pawòl lavi tout tan an.  Nou menm nou kwè, nou konnen w se Kris la, Pitit Bondye a.”

Yo menm yo deside mache ak Jezi – Gen yon pwovèb ki di konsa:  “Di m ak kilès ou mache, ma di w ki moun ou ye.” Men, mache ak Jezi vle di tande sa l ap di w – menm lè sa l ap di w, sa l ap mande sanble rèd. 

Men, frè m ak sè m yo, an n reflechi.  Si n ap mache ak Jezi se pa nou konprann nou ka chanje pawòl li yo konsa.  Se pa wòl nou.  Patizan Jezi yo pa gen dwa chanje anyen Jezi di nou nan Bon Nouvèl la; men, patizan Jezi yo dwe kite sa ki nan Bon Nouvèl chanje yo.  Epi, an reyalite, se pa pawòl Jezi yo ki rèd – yo pote lavi tout tan an ban nou.  Se k rèd se kè wòch nou yo.  Se kè nou pou nou chanje – se pa pawòl Jezi yo.

Lè kite pawòl Jezi yo chanje nou, nou rive konprann swiv Jezi pa yon fado, se pa yon chay lou sou zepòl, okontre se yon don, yon don ki bay kè kontan. Yè te fè lamès pou chè sè ki nan kongregasyon Misyonè Lacharite yo, kominote Mè Terèz Kalkuta te fonde.

Pawòl Jezi mèt samble rèd, men se lavi yo ban nou.  “Chè m se manje tout bon vre; san m se bwason tout bon vre.” Nan sakristi kote m te abiye pou lamès, ekri sou pano a se pawòl sa yo:  Si nou lapriyè, n a rive kwè, si nou kwè, n a rive renmen, si nou renmen, n a rive sèvi.”

Frè m ak sè m yo, “Goute!  N a wè kijan Granmèt la bon.”.

Powered by Parish Mate | E-system

This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply